Cifra Club

Rara Bois Verna (Tipapa)

Beethova Obas

We don't have the chords for this song yet.

Pawòl la pale, yo mele
Yo konn kouri men yo pa konn kache
Babylòn pa la pou dire
Nan pa konprann malveyan yo tonbe
Yo kraze, yo kraze, yo kraze
Kraze pa ka kanpe pitit bonDye
Se mwen’k di’w sa
Lavwa
Woy woy woy o Ti papa
Pa rigole
O Ti papa, Woy woy woy o Ti papa
Ki Kote’w tande, adjye?
O Ti papa, Woy woy woy o Ti papa
Pou di’w tande?

O Ti papa, Woy woy woy o Ti papa
Leve sou tande’w
Gade lougawou k’ap vole
Timoun chèche Manman’n pou’n al kache adjye!
Mechan yo move, yo move
Y’a tizonnen’w jouk tan souf ou koupe
Leve kanpe jou a rive
Konnen lanbi pou miray yo kraze
An’n ale la!

Wo, wo, wo, wo, wo
Anbisyon, grangou fè lòm viv kou zannimo
Louvri je’w gad madigra k’ap fè’w pè a
Frape pye’w fè li: A Ha!
Woy, woy! Lavi chè, moun y'ap rele tipapa pa tande
Moun yo rele, yo pa koute
Talè pwal gen’oun kouri tipapa tande, aprè w’a vinn kriye la
Woy, woy! Lekòl gratis, kantin, la sante, sekirite!
Se manti, yo pap bati peyi
Mwen di’w se manti si pa gen lekòl pou tchovi
Ledukasyon se sèl chimen lavni tande o
Woy, woy! Pwal gen'oun kouri, tipapa ki kote w'pwal kache?

Other videos of this song
    0 views

    Chord tuning

    Online tuner

    Ops (: Content available only in Portuguese.
    OK