Pawòl la pale, yo mele Yo konn kouri men yo pa konn kache Babylòn pa la pou dire Nan pa konprann malveyan yo tonbe Yo kraze, yo kraze, yo kraze Kraze pa ka kanpe pitit bonDye Se mwen’k di’w sa Lavwa Woy woy woy o Ti papa Pa rigole O Ti papa, Woy woy woy o Ti papa Ki Kote’w tande, adjye? O Ti papa, Woy woy woy o Ti papa Pou di’w tande? O Ti papa, Woy woy woy o Ti papa Leve sou tande’w Gade lougawou k’ap vole Timoun chèche Manman’n pou’n al kache adjye! Mechan yo move, yo move Y’a tizonnen’w jouk tan souf ou koupe Leve kanpe jou a rive Konnen lanbi pou miray yo kraze An’n ale la! Wo, wo, wo, wo, wo Anbisyon, grangou fè lòm viv kou zannimo Louvri je’w gad madigra k’ap fè’w pè a Frape pye’w fè li: A Ha! Woy, woy! Lavi chè, moun y'ap rele tipapa pa tande Moun yo rele, yo pa koute Talè pwal gen’oun kouri tipapa tande, aprè w’a vinn kriye la Woy, woy! Lekòl gratis, kantin, la sante, sekirite! Se manti, yo pap bati peyi Mwen di’w se manti si pa gen lekòl pou tchovi Ledukasyon se sèl chimen lavni tande o Woy, woy! Pwal gen'oun kouri, tipapa ki kote w'pwal kache?