Cifra Club

Pou M Te Rive La

D-Fi Powèt Revòlte

We don't have the chords for this song yet.

Chak jou k pase nan vi m, map boss tha rhymes
Prèv ke m vle rive gen on non kou Busta Rhymes
Sa kòmanse an 2003 Vi Nèg tap bèse m
Adolesan m te vle pèse san kite nèg pèse m
Hip Hop frape m, se te jis pou trip mwen
Sak ta di on jou mtap santi l jis nan trip mwen
An 2005 mkonn Lord (IMP), on gran nonm
M remèsye vi a m te kwaze ou, nigga m dwe ou non m
Rappeur hors norme, men m te toujou ap viv dans l'ombre
Lòt bò baryè premye tèks mwen defini m ekriven sombre
Se epòk Nwa ak Wouj met on jenès an foli
Di m pi bèl fyète rap aprè Best-seller an foli
M bay respè a sak merite l, m pa nwi m te elèv
M konn on jou kanmenm m tap vin pran la relèv
Frè m m depoze on rim nan memwa Dejavoo
M pat jeneral ni sòlda men nan konba rap m te gadavou

Pou m te rive la m bay swè, m bay kran
M bay kè, m bay san
M rap tan, m bay tan
Pou m te rive la m met raj ak talan
Men tout sa w tande a rap pa t pwomèt ni glwa ni lajan
Pou m te rive la m fè vibre on favella
Di m sa w wè w ka fè la
M wè gran kou Rocafella
Pou m te rive la Die-Nasty, DefHustla
HighRec mizik Epizòd di nèg la kenbe favè l la

Pa on jou san on rim, mizè gaspiye talan
On gran nonm te di m map briye menm si m ta lan
M te vwe m ak rap, kolabore ak Krys Stephane
Pwezi te pa n men kòb still te pàn
Li kite m li pran wout Christ se chwa l
Poutan jouk kounya map soufri depa l
Lè sal rap ban m kè plen m konn anvi tande 2 ba l
Regrè m, yo p ap janm konn sa ki te nan Rap plis ke sa
2010 m pa chanje, nan geto a m ap trime
Diferan day same shit m toujou ap rime
Ak espwa on jou hit ap di m welcome
Se konsa mvin kwaze Z, Kelly, Degou, Wellborn
Rave, premye beat maker ki met beat anba m
Si l te Dre m tap Eminem tèlman l te kwè nan ba m
Smart Thug pran premye vwa m, big up DefHustla Family
On lòt paj ta pral ekri jou m ta pral kwaze Chrispy

Pou m te rive la m bay swè, m bay kran
M bay kè, m bay san
M rap tan, m bay tan
Pou m te rive la m met raj ak talan
Men tout sa w tande a rap pa t pwomèt ni glwa ni lajan
Pou m te rive la m fè vibre on favella
Di m sa w wè w ka fè la
M wè gran kou Rocafella
Pou m te rive la Die-Nasty, DefHustla
HighRec mizik Epizòd di nèg la kenbe favè l la

M anchene rim, raple ou 48 ba m an freestyle
Sha clan te fyè m tap depoze Die-Nasty style
Pwojè san abouti tras yo nan memwa m
M pot ko menm fè Mwen la lè Castro t'aklame m Wa
Konsyan ou ego, plim nan m pran swen l byen
M ret kwè m tap gentan hit si m te fè Rap-Id ak Swengen
Brèf, m lage pou kò m
Paske m te kwè nenpòt chimen m pran li tap ka mennen m Wòm
2013 ak Street life, m anonse Sal Rap
M fè rap konsyans ak mo ki pi vyolan ke gangsta rap
M pran on lòt etap kou Kaz, m chanje epizòd
M te kite street lan pou m pase dèyè booth Epizòd
M tou pre siksè, se sa m te kwè men m rekale paske m pat vle pou m koube m a on sistèm
Se ak on plim pa ak on baton m antre nan dans
Mwen mtoujou gen tandans pou m pa jan m swiv tandans
Twò vrè pou siksè, jijman sakastik
Touche fon, 2014 ane sabatik
M te menm panse vag, mèsi pou sipò n, swe pou mwen, pou ou map chanje rad
2015 m chanje paj, Powèt Revòlte apre apèl Ed
Fè m konprann se pa rap ki mouri men se rapè k dead
Levanjil geto fè eko, non m ap kònnen

2016 Rèv Ak Plim, SonMakònnen

Other videos of this song
    0 views

    Chord tuning

    Online tuner

    Ops (: Content available only in Portuguese.
    OK