Yo chita la ap pale byen fò Yo tout gen rezon to tout gen tò Yo tout ap pale ansanm Sanble ni youn ni lòt pa konprann Nan repete diskou ansyen De mo fransè k' pa vle di anyen Yo lage nou nan kouri Tout you pèp nan peripesi Jodi a se you istwa, demen se yon lòt istwa Nou pa janm ka kriye viktwa Ba moun tèt yo, kite moun an repo Bay moun tèt yo (tèt yo) Bay moun tèt yo (tèt yo) Bay moun tèt yo (tèt yo) Bay moun tèt yo (tèt yo) Y'ap di yo endependan Men tout sa k' pou fèt y'ap tann kolon blan Pale de demokrasi Epoutan yo pa konn sal' vle di Rele tèt yo dirijan Opozisyon, mouche leta Bliye diyite pèp sa, jodi a ki nan fatra Jodi a se you istwa, demen se yon lòt istwa Nou pa janm ka kriye viktwa Ba moun tèt yo, kite moun en repo Bay moun tèt yo (tèt yo) Bay moun tèt yo (tèt yo) Bay moun tèt yo (tèt yo) Bay moun tèt yo (tèt yo) Gad jan sa fè mal o Yo bann move zen, yo bann malfèktè Gad jan sa fè mal o Fè bò isit la tounen you dezè Gad jan sa fè mal o Gad jan sa fè m' mal yo kraze tout katye m Gad jan sa fè mal o Sispann Di w' gen solisyon yon pwoblèm ke w pa menm konprann Sispann Pale de rekonstwi peyi isi Jenès la pa gen avni Sispann Pran job la fè kòb malgre yo pa ka fè anyen Ou menm tou sispann ba you quorum, ba you quorum, ba you quorum Gad jan sa fè mal o Olye yo preche lanmou, yo pito vole lougawou Gad jan sa fè mal o Sispann Di w' gen solisyon yon pwoblèm ke w pa menm konprann Sispann Pale de rekonstwi peyi isi Jenès la pa gen avni Sispann Pran job la fè kòb malgre yo pa ka fè anyen Ou menm tou sispann ba you quorum, ba you quorum, ba you quorum Jodi a se you istwa, demen yon lòt istwa You pèp Kita-Nago, toujou anba chenn anbago