Mèt kay la leve byen fache matin an Sa l' genyen pèsòn pa konnen Se pa de koze W'ap tande Que pasa con la senora? Pa ka ri ni pale Tout moun antrave Pa ka ri ni pale Se poze pou w' poze Pa ka ri ni pale Tout moun antrave Pa ka ri ni pale Menm mouch pa sa vole Chen jape, ap pran kout pye Tout sak sou wout li antrave Li dèyè moun pou geri bosko Male w' se ou li jwenn Tout soti gen limyè wouj Kouri plim nan bouch Pa ka ri ni pale Tout moun antrave Pa ka ri ni pale Se poze pou w' poze Pa ka ri ni pale Tout moun antrave Pa ka ri ni pale Menm mouch pa sa vole Mèt kay la leve byen fache matin an Ti krik ti krak g'on lwa ki pran l' Se pa de koze K'ap pale Madan m' You vye chanson depi maten Madan m' oh! Sa l' genyen pèsòn pa konnen Madan m' Bare anwo, bare anba Madan m' oh! Sa ki konnen pa pase la Madan m' Pawòl anpil la pa ko fini Madan m' oh! Zafè w ou pot tèt ou vini Madan m' Sa ki fache kouri sou li Madan m' oh! L'ap tan po kann ak tout foumi L'ap rele sou ti machann kap degaje Jis lòtbò lari a yo ye L'ap di twotwa tounen mache Bliye si se la li sot achte Se la tout moun bese leve Ala madanm babye mesye (Defann tèt ou, w pa bèbè) Madan m' You vye chanson depi maten Madan m' oh! Sa l' genyen pèsòn pa konnen Madan m' Bare anwo, bare anba Madan m' oh! Sa ki konnen pa pase la Madan m' Pawòl anpil la pa ko fini Madan m' oh! Zafè w ou pot tèt ou vini Madan m' Sa ki fache kouri sou li Madan m' oh! L'ap tan po kann ak tout foumi