Banm bwè ti dlo pou sezisman Pou sa pa fin tuye mwen (Mwen choke Mwen trè dezapwente) Madanm marye m' k'ale travay Bliye telefon li lakay (Bagay sa vle mete dlo nan je m) Oh! Gen you Bènadin (hmm), ki rele 7 fwa Mwen pa dekwoche, mwen pa reponn Li pran voye tèks (hmm), mwen di fo m' gade Mwen ale tonbe sou you mesaj ki bay tèt fè mal Eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o Chaje ak kesyon ki bezwen repons Eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o Mwen pap akuze, men kè m' pa poze La madame konnen Bènadin trè byen Yo gen twa zan depi yap pale, pale san kanpe Daprè sa mwen li, madanm konn sou do Juskaprezan mwen pap akuze yo de madodo Eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o Chaje ak kesyon ki bezwen repons Eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o Mwen pap akuze, men kè m' pa poze La madame konnen Bènadin trè byen Yo gen twa zan depi yap pale, pale san kanpe Daprè sa mwen li, madanm konn sou do Juskaprezan mwen pap akuze yo de madodo Ayayay! Li konfese Ayayay! Li konfese peche a Ayayay! Li konfese Li ban mwen laverite Bernadine se Bernard (Yo kite) Li rete Bois-Vernat (Yo kite) Misye genyen viza L' konn vin vizite bo isit Yo gen lontan y'ansanm (Yo kite) Men yo sot fenk kite (Yo kite) Li di se deja fini entre li menm ak misye Hmmm!