Se nan bouch moun nou tande ke Zenglen pral performé Promoteur a deside san jazz la pa confirmé Li di music sa pot kòb Promoteur se yon bon job Pendant ce temps l'ap detwi reputation tout jazz yo Fanatik debake: Promoteur nou vin danse jazz la Yo fè deplasman, moun yo peye lajan Pa menm gen instrument Promoteur nou vin danse jazz la Se lè sa l' mande manager jazz la negosye Manager, konn sa w'ap fè a tande, anh! Ouh! Se nou k' toujou subi Promoteur suspan fè nou abi Public la pa konnen, jan gen nan nou k' koken Des fois li mal aji Promoteur suspan fè nou abi Des fois n'oblije jwe pou reputation n' pa gache (Ann chante) B.S. production show me some actions Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese Lè w' ekspoze jazz la san w' pa menm gen kontra Public la fache, jazz la afekte B.S. production show me some actions (show me actions) Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese Lè w' ekspoze jazz la san w' pa menm gen kontra Public la fache, jazz la afekte Woyy! Moun yo fè deplasman, moun yo peye lajan Pa menm gen instrument Jazz la pa prezante Si bagay yo pa klè Se fòt ou promoteur Yo di jazz la pa sérieux, se Zenglen ki afekte B.S. production show me some actions (show me actions) Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese (oh non) Lè w' ekspoze jazz la (se vre wi) san w' pa menm gen kontra Public la fache, jazz la afekte Si w' pa vle pran mach eskalye a, w'a pran ascenceur a Paske nou menm se la n' ye, anlè a, anlè a Mais qu'est-ce qui se passe au second étage? Se Zenglen chéri k'ape mate kompa B.S. production, pa fè sa a, a B.S. production, pa fè sa Lontan, lè w' jwe music yo trete w' de tafyatè Lontan, lè w' jwe kompa, t'es le plus sal des va-nu-pieds San yo pa konnen, se nou ki bay lanmou San yo pa konnen, lè w' met lajwa nan kè yo You musicien l' s'on instrument indispensable a la nati Se nou k' ka soulaje, tristès move moman yo Ou fè m' jwe ou pa peye m' W'ap di m' atis yo mouri pòv Olye w'acht'on CD, ou pito fè mil kopi Ou dwe reyalize s'on B.S. production ki la pou eksplwate n' Anpeche nou avanse Bagay yo gen pou chanje, ou te mèt kwè m' si w' vle Lè sa n'a pwogrese, n'a remèsye Bondye o, wowowo B.S. production show me some actions (show me actions) Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese (non no) Lè w' ekspoze jazz la san w' pa menm gen kontra Public la fache (public la fache) jazz la afekte B.S. production show me some actions Lè w' pa kalifye, ou pa pwofese Lè w' ekspoze jazz la san w' pa menm gen kontra Public la fache, jazz la afekte