Gen bagay ou pa dwe janm bay atansyon Gen de bagay fò ou reyize w Fenmen je w' sou yo Ou gen ase sou do w' ou pa wè klè Alewè sa y'ap di sou ou ki se des faits divers G'on moman ki rive fòk ou vag kou reken Fòk ou kite l' mache pa twò panse anyen Tout solution yo la nan men Bondye Gade zanmi, jere sa w' kapab epi kite l' mache Pa bay tèt ou stress pou sa w' pa ka kontwole Fokus sou sa w' gen kontwòl la Bay granmèt la rès la M' pa di pou toutan w' relax men kite l' mache Pa di m' ou toujou sou pression Men s'on depression Genyen ou pa okouran Yo just pran w' mete w' ladan l Jere sa w' ka jere Lage rès la nan men Bondye Lè yo pa pale w' mal Se lè w' pap regle anyen Zanmi rete ak tèt ou klè Pou w' kapab viv anpè Pa bay tèt ou stress pou sa w' pa ka kontwole Fokus sou sa w' gen kontwòl la Bay granmèt la rès la M' pa di pou toutan w' relax men kite l' mache Pa di m' ou toujou sou pression Men s'on depression Bagay sa pa regade m' Koze sa pa regade m Bagay sa pa regade m' Koze sa pa regade m He said, she said, whatever they say (yo!) Anyen pa rèd, Anyen pa rèd Sa y'ap di a yo just pran w' mete w' ladan l' Anyen pa rèd, Anyen pa rèd Brother, dèfwa fòk ou vag kou reken Anyen pa rèd, Anyen pa rèd Viv nan reyalite a, pa ba yo regle anyen Anyen pa rèd, Anyen pa rèd Bagay sa pa regade m' Koze sa pa regade m Bagay sa pa regade m' Koze sa pa regade m He said, she said, whatever they say (yo!) Anyen pa rèd, Anyen pa rèd Sa y'ap di a yo just pran w' mete w' ladan l' Anyen pa rèd, Anyen pa rèd Brother, dèfwa fòk ou vag kou reken Anyen pa rèd, Anyen pa rèd Viv nan reyalite a, pa ba yo regle anyen Anyen pa rèd, Anyen pa rèd Presyon sou presyon Stress ka touye w' Jere sa w' ka jere Epi kite l' mache Presyon sou presyon Stress ka touye w' Jere sa w' ka jere Epi kite l' mache