Mwen bouke, sakrifye Bay tout enèji mwen pou sa mache Se tankou se sèl mwen kap batay Nenpòt ti bagay ou vle lese tonbe Mwen bouke fè, mwen bouke wè Poukont mwen tout efò yo m'oblije fè Se kòmsi m wè, ou pa nwi Si m rete nan viw ou si m pati Mwen pèdi twòp tan Twòp tan mwen pap janm rejwenn E sa fè twò lontan Twò lontan ap goumen Kounya kè'm di ase, ase L'ase soufri, l'ase brize Ti kè'm di ase, ase L'ase chifonnen, l'ase pilonnen Ti kè'm di ase, ase Ase, ase Kounya kè'm di ase, ase Ase Se toujou mwen'k pou aksepte Se toujou mwen ki pou konprann Souvan w fè'm santi mwen lib pou mwen deside Si m'ap kite'l ou si m'ap pran'l Li klè kew pa kè si mwen ta kite'w Ou pa gen tan pou w pale, pèsonn paka gide w M vle lache priz la M tire twòp sou kod sa Mwen pèdi twòp tan Twòp tan mwen pap janm rejwenn E sa fè twò lontan Twò lontan ap goumen Kounya kè'm di ase, ase L'ase soufri, l'ase brize Ti kè'm di ase, ase L'ase chifonnen, l'ase pilonnen Ti kè'm di ase, ase Ase, ase Kounya kè'm di ase, ase Ase Cheri! Mal ak ti rès la Mwen pèdi twòp tan Mwen pèdi twòp tan Mwen pèdi twòp Kè'm di ase yea yea yea yea Kounya kè'm di ase, ase Kè'm di ase, ase Ti kè'm di ase, ase Kounya kè'm di ase, ase Ase