Ouhhh ouuh ouuh ah Ouhhh ouuh ouuh ah Ouhhh ouuh ouuh ah Sorry bestie sorry Allo best friend kòman w ye M espere w bien gras a Dye Di mwen baz si w ka pale Retire m sou speaker Sa m pral di w la deplase Men m swete l pa fè w fache Se sou trèz mwen m tap mache Epi katòz pile m Se pa konsa n te kòmanse Se pat ak Je sa a m te gade w Men w konn lanmou kouman li ye Li pull up lakay moun san frape M goumen m lite poum reziste Men m santi sa pi fò pase m Se pou tèt sa m vin konfese w Pi gwo peche m M tonbe Kè m chape M tonbe Tout zo m kase M tonbe Kè m trayi m M tonbe Pou bon zanmi m Allo best friend kòman ou ye Mwen pa pi mal gras a Dye Mwen te pran san m pou m tande w Kounya se tou pa m pou m pale Mwen pa nan plas pou m jije w Ni m pa gen dwa kondane w Nou abitye nou atache Konsa lanmou met pye Se pa konsa n te kòmanse Se pat ak Je sa a m te gade w Men w konn lanmou kijan li ye Li antre nan kè w san envite Mwen m goumen m lite m reziste Men feeling sa pi fò pase m Map pwofite konfese w Pi gwo peche m tou M tonbe Kè m chape M tonbe Tout zo m kase M tonbe Kè m trayi m M tonbe Pou bon zanmi m Ouhhh ouuh ouuh ah Ouhhh ouuh ouuh ah Ouhhh ouuh ouuh ah Sorry bestie sorry