Depi lè'm sot pase vakans kay parenn nan m'pa alèz Depi lè'l te fòse'm fè ti jwet la, m tou santon m alèz M eseye di manmie, m pa pral ankò li di'm two alèz, li di se byenm byen Pitol te mwen m parèt ak tout chèz Mwen santi'm pou kòm, menm profese lekòl yo di'm sou fom Yo di'm pa sou lekòl ankò, yo gade'm yo di'm vo plis M pa menm ka esplike sa m santi yo, m'pa ka focus M santi'm nan yon mond pou kòm, pa gon moun ki aksepte'm Antanke timoun m'pa gen dwa pale, sinon yap sabote'm Ah ki pwoblèm pouw genyen? Hein Pa ganyen sou kont mwen Yo pa banm leve lejè ni lou, sa yo banm se liv mwen M'ap senyen anndan, menm m'pa jwenn kouraj pale E manmanm pa gen mwayen, so se sa parenn di'k pase En plis m pa malad nan kò M santi'm puni, sanm pa antò Pa gon pwoblèm fizik, wanfòm Peyi'm yo pa mèt tèt nan kò Bò kot parenn pou m ta alèz Men se le sa m bezwen ranfò Dilèm! Mwen menm antanke manman M fè tout sam te kapab pou m pran kaw E se mwen sel kòm paran, m'sibi de absans papaw Men malgre tout sa ou montre'm ou pa konprann tout efò'm fè Chak jou se pwoblèm, sou pwoblèm w'ap banm em konn se esprew fè Tout sa m di'w pa tande'm Ou konnenm pa ganyen nan menm M voye'w al kay parenn ou, pou m ralon souf, ou vle manje'm Poukisa w ekate? M fè tout efò pou w alèz, abiye w, baw manje, e malgre sal toujou pa ase Chak jou son sèl chanson Menm lekòl la'w pa fè bèl nòt ankò Apre mwen yo pral wè k pa responsab? Hein Di'm non kilòt ankò? Ou pa fe maladi doktè Mwen menm rive met pyem deyo tou Si m okipe'w, w'ap fè'm fe kè M pap vin kite w fè'm pa w'on lòt jou Mwen bouke pale, m bouke mache, m bouke voye baton M bouke kriye, m bouke priye, mwen bezw'on solisyon Se tonkou w n'on misyon pou rann lavi m enposib M'ap voyo w bay parenn ou nèt, se mwen k granmoun de toute fason M anvi fè konesans avè'm M gen lontan m'pa rekonèt tèt mwen Chak jou, m vann yon imaj tout moun konnen Men se pa mwen tèt, mwen pa match a kèm Demwazèl ki nan miwa son etranje pou mwen M'ap fè sanblan chak jou m'pa ka onèt Mwen nan je w m parèt bel, manfom, ou banm bel akolad, a kiss W achte mizik mwen, patage èv mwen, vini nan show mwen yo ak plis Mwen apresye'w, menm konn kache'w, se pa paske mwen twò atis Men se paske depi a 11 zan m'ap viv ak yon tromatis Mwen deprime e se pa depi dat, depi primè M pat ka exprime m okenn zorey pat prè, pat gen yon proch Sou sam te konte k te ka ede'm yo di'm prone banbòch Yo te fè'm santi'm tèlman ba, tèt pam ankò m toblije flòsh Lavi m ton veritab dram Pandan m tou piti, manmie voye'm nan vakans Malerezman, parenn trete'm tank'on dam Lè'm vin pi gran pou m pa pale Se pa de presyon m pran Menm si m ta vle denonse, m pat gen vwa, so depresyon pranm Dilèm! Depresyon reyèl Chak nan nou gen chans pa nou