M reyalize pou ou m pat janm ase Malgre tout efò m te fè pou m te konble ou Men jwèt la fini sa fè lontan ou pèdi Men m vle w gade'm nan je di'm sak te pase ou Twóp tolerans, m te nouri twóp pasyans kifè'w panse'w Te gen dwa pou w fè mwen tout sa ou vle Men m reyalize ke m tap pèdi si m pat deside fè yon jan Pou dlo jem te sispann koule Wi m reyalize vim tap detruit si m pat deside bay ti kè mwen yon lòt chans Pouki w tap vann mwen fo espwa Pouki w te blesem si w te gen des choix Pouki w te vinn nan vim si w te konnen yon jou ap gon dènye fwa Pouki w finn ofri'm linivè, aprè w fè'm wè le monde alanvè Pouki w te batman kè m aprè se ou ankò ki manke retel Men m reyalize mwen tap pèdi si m pat deside bay chimen kè m yon lòt sens M santi nan viw mwen te jwe wòl yon pon Ki te sèviw pou jwenn kek vye rezon Pou w te montre anj lan son vye demon Ki pran plezi nan vann mwen ilizyon Jodia pa vinn di'm ke w te renmenm Ou te gen tout tan ou lè w te genyenm Jan w tap aji prouve ke w pat bezwen Sinon di'm poukisa ou te lage menm Men sa fini, c'est du passé (sa fini, sa fini oo) Li pap itil anyen lè'n reveye le passé Bagay ki pase, relasyon k'kraze, k'efase Men malgré tout ane ki pase (malgre tout, malgre tout oo) M still pa ka konprann pouki flèch ou te chase Saw pat vle kenbe sa ou te jete e demake Ooo c'est fini (sa fini, sa fini oo) Malgre tou sa Malgre tou (malgre tou, malgre tou oo) Oh, yeah, c'est fini Oh, yeah, nou pat janm