Premye fwa jem tonbe nan je li Touswit m santi'l pou mwen Efè sa m paka esplike li Son fòs ki twòp pou mwen Men se yon lanmou ki gon gou diferan Son lanmou k sweet ki rann mwen gouman Saw banm lan okenn imen pa merite'l E w ban mwen l san mezire Ou tèlman plen kè'm ak on lanmou ki dous Fè lòlòj mwen vire, vire, vire Yon lanmou k' trè sikre, sikre, sikre Fè lòlòj mwen vire Son dous makos M kole e m'pa kapab bouje Ou gou dousè Pye m kite tè, kè'm palpite Nou mèt bal tout defo Plis nap pale, plis m'ap eme l Lanmou l dous kou siwo o I just can't get enough Saw banm lan okenn imen pa merite'l E w ban mwen l san mezire Ou tèlman plen kè'm ak on lanmou ki dous Fè lòlòj mwen vire, vire, vire Yon lanmou k' trè sikre, sikre, sikre Fè lòlòj mwen vire Souse sirèt niche babinn, wi m renmen'w Tout lot saw tande se bobinn, wi m renmen'w Santimantalman m soufri dyabèt sikre M kontan tankou timoun kap manje dous, nan yon lakou rekre M soufri anemi twòp move lanmou ki bwe sanm M make twòp pa sou plas Yon seri move chwa ki bwè tanm Jodia mwen vin poze tou dousman Nan de pla men kèw ki dous tankou yon dous mant M pase twòp lanmou peze souse Jodia m'ap chach'on lanmou ladous ki vyen kenep M pase twòp lanmou mache prese Jodia m vle yon lanmou twoubadou anba fenèt Mwen vin ofri'w yon lanmou dous lèt Yon lanmou pwop lejè, yon lanmou gout lèt Mwen vin ofri'w yon lanmou san zikòs Yon lanmou san repwòch, yon lanmou dous makòs Saw banm lan okenn imen pa merite'l E w ban mwen l san mezire Ou tèlman plen kè'm ak on lanmou ki dous Fè lòlòj mwen vire, vire, vire Yon lanmou k' trè sikre, sikre, sikre Fè lòlòj mwen vire