Nou konn nan de sitiyasyon Ki rann nou poze tèt nou kesyon Eske n dwe kenbe oubyen kite sa tonbe Sa konn bay dlo nan je Lè sa pa mache jan n te swete Men pa kite eprèv yo dekouraje n Dèfwa moman yo konn difisil se vre Nou konn menm vle dekouraje M konn vle abandone Men lè m ap reyalize Tout sa nou andire ansanm ooh Baby kwè mwen Kite pa mèyè solisyon Oh non, oh non, oh non Kite pa mèyè solisyon Oh non, oh non, oh non Kite pa mèyè solisyon Oh non, oh non, oh non Kite pa mèyè solisyon An nou rezoud pwoblèm yo ansanm Se pa konsa l te ye avan Mwen santi mwen bouke Se kòmsi lanmou Kite n nan mitan chimen an Ban m yon rezon pou m kwè Ke nou ka travèse san n pa oblije separe Dèfwa moman yo konn difisil se vre Nou konn menm vle dekouraje M konn vle abandone Men lè m ap reyalize Tout sa nou andire ansanm oh oh Baby kwè mwen Kite pa mèyè solisyon Oh non, oh non, oh non Kite pa mèyè solisyon Oh non, oh non, oh non Kite pa mèyè solisyon Oh non, oh non, oh non Kite pa mèyè solisyon An nou rezoud pwoblèm yo ansanm Pou sa n pase toulède (sa pa ka fini konsa) Pou jan n lite pou n ere (sa pa ka fini konsa) Si w wè m tonbe ban m men pou m leve Pou n kontinye avanse Mwen vle w konte sou mwen Jan mwen konte sou ou Pou n ret soude ansanm oh bebe Pou sa n pase toulède (sa pa ka fini konsa) Pou jan n lite pou n ere (sa pa ka fini konsa) Si w wè m tonbe ban m men pou m leve Pou n kontinye avanse Mwen vle w konte sou mwen Jan mwen konte sou ou Ann rete soude ansanm Pou n pa lage An n pa lage sa, baby Paske kite pa kite, pa mèyè solisyon (non non non) An nou ret soude Met men w nan men mwen Ann rezoud pwoblèm yo ansanm