Se pa lè pou n kay blan, se pa lè pou n kay blan Se pa lè pou n kay blan, se pa lè pou n kay blan Se lè pou m lakay, m'ap manje pwason Lè pou m a bag mwen, m'ap koule bwason Se lè pou m nan mitan janm, yon bèl marabou Pou m ap moutrel sa yo rele gason Se pa lè pou n kay blan An'n ale, an'n ale, se pa lè poun kay blan Se lè poun antre poun rekonstwi lakay Se pa lè pou n kay blan An'n ale nan plaj yo An'n ale nan mòn yo An'n akonpanye peyizan yo Pou nou pwoteje richès yo An'n ale nan plaj yo An'n ale nan mòn yo An'n akonpanye peyizan yo Pou nou pwoteje richès yo Yow, m gen nostalji, m santi m anbete Se lè pou m an jwa pou m santi m nan gete Lè pou m antre, pou m santi m lakay Pou m santi m au soleil, pou m santi m an ete M gentan planifye, m gentan fè bidjè Tout bagay kalkile, m gentan konn pri biyè Fò m al mete men lakay Pou yo rekonstwi, nenpòt jan Fòm ale pou m al kontribiye Se pa lè pou m isi M kòmanse krake Lè pou m lage banm kòmanse tate Alo patron! M bezwen konje Pou m kòmanse shopping, pou m kòmanse pakè Se lè pou m ale, pou m al manje pistach griye Kasav a l’eau, pou m al manje diri Pou m al manje lalo, pou m al manje pate kóde Mange griyo, pou m al manje lokal Pou m al manje bio, an'n ale, an'n ale M konn chagren an, nou lib, bouke sou pi mal An'n bal sak gen nan nou, an'n bal tout nou menm Nou dwel sa n gen nan nou Li bezwen m, li bezwen w, li bezwen chak grenn nan nou Li posib an nou fèl Pandan kòl fèmen, an'n met men an'n ouvèl Nou bezwen lanmou, nou bezwen inyon Nou bouke tande dram, nou bezwen bon nouvèl L'union fait la force, nou bezwen montre Ouvè Avyon an, nou bezwen monte Nou fatige, mesye dirijan pran responsablite w Nou bezwen antre Se pa lè pou n kay blan, se pa lè pou n kay blan Se pa lè pou n kay blan, se pa lè pou n kay blan Se lè pou m lakay, m'ap manje pwason Lè pou m a bag mwen, m'ap koule bwason Se lè pou m nan mitan janm, yon bèl marabou Pou m ap moutrel sa yo rele gason Se pa lè pou n kay blan An'n ale, an'n ale, se pa lè poun kay blan Se lè poun antre poun rekonstwi lakay Se pa lè pou n kay blan An'n ale nan plaj yo An'n ale nan mòn yo An'n akonpanye peyizan yo Pou nou pwoteje richès yo An'n ale nan plaj yo An'n ale nan mòn yo An'n akonpanye peyizan yo Pou nou pwoteje richès yo Ayiti gen 1327 km de côtes, 34 ti il Nou gen solèy, nou gen tè, nou gen van Nou gen lanmè e tout ka itil Nou se sèl peyi sou planèt la ki ka fè mango fransik Nou nan achipèl dè zanti Nou chita nan gueule golf du Mexique Anh, santi bon koute chè e se an Ayiti ki gen pi gwo vetivè Kleren ou an pi bon ke vodka, ou pa kwèm? Al goute yon ti vè Nou s on bann afriken ki gen foli li nan Koran N ap pèdi tan pandan kanal di van ka bay, tout karayib la kouran Se nou k gen manje bio Pi bon tè, pi bon kafe, pi bon kakawo Pi bon legim, pi bon diri, pi bon lalo, pi gwo lakou Pi gwo tanbou pou n kata wo Epi Lwi Chadonyè Gen pi bon rezen sou latè Sa vle di nou ka fè bon diven Divès kalite pwodwi Tankou lwil maskreti k ka ede ayisyen sispann penpennen Se nou ki bay libète te, te Se nou menm ki enspire fyète te, te Nou gran, nou bèl, nou se bote te, te Piman ou an pi bon pase tout kote te, te Sou richès nou pou nou kote te, te Lanmou avèk fratènite te, te Dyaspora se pa lè pou n nan te, te, te, te, te, te Se pa lè pou n kay blan, se pa lè pou n kay blan Se pa lè pou n kay blan, se pa lè pou n kay blan Se lè pou m lakay, m'ap manje pwason Lè pou m a bag mwen, m'ap koule bwason Se lè pou m nan mitan janm, yon bèl marabou Pou m ap moutrel sa yo rele gason Se pa lè pou n kay blan An'n ale, an'n ale, se pa lè poun kay blan Se lè poun antre poun rekonstwi lakay Se pa lè pou n kay blan An'n ale nan plaj yo An'n ale nan mòn yo An'n akonpanye peyizan yo Pou nou pwoteje richès yo An'n ale nan plaj yo An'n ale nan mòn yo An'n akonpanye peyizan yo Pou nou pwoteje richès yo Mwen manje gèp sou fè twonpèt Tizon Dife a pi cho Le pauvre est celui qui ignore sa richesse Bilolo Congo