M' f'on rèv, m wè Adan ak Èv ki fache pou on koulèv Sa s'on prèv, m wè jezi ki fè malèt li ki dim lap vini Se bon rèv, li lèli tan poun sispann fè mal repanti Fè bon zèv, voye je'w anlè a, w'ap wè'l Men'l anlè a, men'l anlè a, l'anlè a lap vini Repanti, repanti, ret tann li ret tann li Men'l anlè a, men'l anlè a, l'anlè a lap vini Repanti, repanti, ret tann li ret tann li M' reve m' wè'm nan Jardin d'Eden Se pa EDH, pa gen limyè etènn Pa gen janvye, pa gen jan m' vle Pa gen tonton nwèl, pa gen zetrèn M wè Èv goute pòm nan men sèpan an Lè'm voye je'm se sak devan'm nan Adan ak Èv fè de pitit Youn pou Adan, youn pou sèpan an M sezi m wè Kayen tiye Abèl Sa vle di sèpan se senbòl satan Nou jwen la haine depi nan kòmansman Depi nan kòmansman lanmou pèdan Ou fè tour de Babel pou ka fè'n diferan Fè'n diferan, pale lang diferan Nou pale lang diferan nou pa vle fè lapè Nou fè lapè nou fè lagè, men kounye a dife pran Rete m rete m sot nan vant manmanm, Yo di dim m ayisyen So chak sa m fè ki bon se maji so m majisyen Kòm m'nwa, tout sam vle fè tou nwa Lavi'm s'on chanpyona, m' te ka genyen kòm se mwen'l tounwa Men'l anlè a, men'l anlè a, l'anlè a lap vini Repanti, repanti, ret tann li ret tann li Men'l anlè a, men'l anlè a, l'anlè a lap vini Repanti, repanti, ret tann li ret tann li M leve pou'm pipi, m' tou paka On ti il tou piti kou tou kaka Ou trase'l an 2 tankou kata On bò pale kreyòl, on bò habla Nan men grandes puissances yo n'ap pran frap la Si'n te met tèt ansanm nou patap la Gen sa ki di'n pa pitit kris pou mwen se sa'k pi tris Yo di'n fèt a limaj de Dieu, poutan se sa'l ye vre Chak lè'm met pye'm anndan legliz Yo di m' gen vayb dejwe, nah, nah M still nan rèv la an 94, Tankou kè Baky anndan kès leta vid La nou an 84 bagay yo pi tchak, Duvalier ap piye nou pa gen likid Sigarèt 2 pwent lan toujou ap limen Jiska prezan nou paka fimenl Te vle kontre Anténor Firmin, anba solèy poutan se lalin Fyète pou mwen se Henry Christophe Capois LaMort, Toussaint, Dessalines Se fyète'm se sa'k vi'm M' f'on rèv, m wè Adan ak Èv ki fache pou on koulèv Sa s'on prèv, m we jezi ki fè malèt li ki dim lap vini Se bon rèv, li lè li tan poun sispann fè mal repanti Fè bon zèv, voye je'w anlè a, w'ap wè'l Men'l anlè a, men'l anlè a, l'anlè a lap vini Repanti, repanti, ret tann li ret tann li Men'l anlè a, men'l anlè a, l'anlè a lap vini Repanti, repanti, ret tann li ret tann li Men'l anlè a, men'l anlè a, l'anlè a lap vini