Ou di mwen nanm ou pote maleng Ki twa lèt pou montre lòt yo Men m te pwomèt M ap renmen chak kwen nan ou San wete yon yota M wè nou ka glise Tout zantray mwen ki tranble San pyès fòs pou rale nou met kanpe Men mwen konnen menm si men nou vid Menm si n pa gen anyen Nou gen youn pou lòt E, wi, sa sifi w E, non, sa p ap chanje S'on pwomès Wi, s'on pwomès Doulè nou gaye anba je nou San remèd pou fè nou kagou Men m p ap kite w tonbe Paske se a de nou ret sou pye M wè nou ka glise Tout zantray mwen ki tranble San pyès fòs pou rale nou met kanpe Men mwen konnen menm si men nou vid Menm si n pa gen anyen Nou gen youn pou lòt E, wi, sa sifi w E, non, sa p ap chanje S'on pwomès Wi, s'on pwomès Men mwen konnen Menm si men nou vid Menm si n pa gen anyen Nou gen youn pou lòt E, wi, sa sifi nou E, non, sa p ap chanje S'on pwomès S'on pwomès