Se toujou kwonik yon Powèt Yon Powèt ki sot Castro Yon Powèt Revòlte Rèv ak Plim D-Fi Vizyonè m depoze lorizon sou pwent nen m Yon Clé d sol pou m ouvè pòt siksè m kite mizik mennen m Chimen m nwa tankou lank fè m aprann wè ak kè M plonje pi fon nan abim nan m te gen sèlman yon plim pou lanp Kou Brandt reyalite vin kidnape rèv mwen Vi a s on konba éternel m fè konesans sèvi glaive mwen Se eprèv man ki grandi m se pa laj Manman m kach on kalach nan Kràn mwen Sa k fè y ap di pitit ou bandi Banm di w lè vi a vin jwenn ou an bitch se aprann gouye M aprann mache pye atè pou 2 pye m pa pran nan on grenn soulye Dlo a te mouye m Chwa Kite l nwaye rèv ou pran l pou benyen Ensandi an sot nan on ti etensèl yo pa t gen sousi tenyen Mais qui peut me stopper No one Fevriye 2011 Paillère m raple m Bicth Martine t ap snobe m Chak lè m tonbe m leve pi fò defèt yo banm gou viktwa Se kwonik on esklav ki vle vin wa Rèv pa konn twò gran Lè w fonn kou sèl nan dlo reyalite w Kòk ki chante rezon w se kalite w Rèv pa konn twò gran Pa gen revè k twò piti × 2 Yeah m vin make tan m ret imòtèl kou papa Ky-Mani M wè l'art avant l'or devan glas la m te plis MIC ke Money Zanmi Rhod pran kòd long depi lè D-Fi ap pran fil M nan gè frè rezon k fè m brake plim mwen kou Springfield If i die today Koute m pou w konnen m finèb orezon M aprann pèdi pou m genyen move bagay rive pou bon rezon Kou sezon moun chanje Mwen m pa fèy fè vi m nan dlo m p ap pouri La roue tourne Ki de dèyè sa k ale m pa kouri Pou m pa mouri on jou m deside mennen vi nocturne Depi lè yo di m Sky is tha limit mwen m al rap ak Les Neptunes Wè m kite lari a pou m al abite sou sèn Manman m di m fè atansyon isit reyisit se sous èn Sila ki t ap meprize w ap vini chouchoute w Sila ou te konn ap bay kout men ap vini pou choute w M di l man m p ap chanje rasin menm si m chanje fèy Sa k nan lonb oral vizite solèy ak rèv ki pi gran ke somèy D-Fi Rèv pa konn twò gran Lè w fonn kou sèl nan dlo reyalite w Kòk ki chante rezon w se kalite w Rèv pa konn twò gran Pa gen revè k twò piti × 2 DaG It's all about a dream man Nou sòti lwen pati san anyen Sof on rèv ak on plim Powèt Revòlte M wè pi lwen ke lorizon