Sere mwen Pa kite mwen tonbe oh, oh, oh Sere mwen Pa kite mwen tonbe Annou kenbe lanmou an nou Lite pou l rive jiskobou Pa okipe moun ki egri Se ou m vle cheri Jire pou m renmen w pou toujou Fè w goute tout dousè lanmou Ba w yon lanmou san mezi Chak jou cheri Annou bliye tout sak pase Jere prezan n pou n avanse Konsa avni nou ka ere Men nan men cheri Mwen menm avèw se yon kontra Cheri w mèt kwè, m pap fè yon pa Avè w map ye jouk sa kaba M sèmante w cheri Kenbe m nan bra w cheri pou m pa tonbe Kenbe m nan bra w cheri pou m pa tonbe Kenbe m nan bra w cheri pou m pa tonbe Kenbe m nan bra w cheri pou m pa tonbe Mwen pap janm lage w – mwen pa vle Janmè m pap kite w – mwen pa vle Se ou ke mwen vle Pou letènite baby Mwen pap janm lage w – mwen pa vle Janmè m pap kite w – mwen pa vle Se ou ke mwen vle Pou letènite Apre tout sa k’ pase Nan kè m wap toujou rete E sa pap janm chanje non non non baby Apre tout sa ki rive Lanmou n pap janm fane Mèt kwè m se pou letènite Map toujou renmen w baby Se pou sa m’ape mande w