Yon madi maten Pa menm sonje poukisa nou bougonnen M ap ret tann ou vin pita, ou pa retounen Kèk fwa nou konn diskite Se premye fwa n pa rekonsliye Koz latè ki tranble W ale Pa menm konn si w padone m W ale Nou pa menm gen tan repale W ale Pa menm jwenn kò w pou m antere Lanati ou fè m mal Lanati ou fè m mal Lanati ou fè m, ou-ou-ouh! Lanati ou fè m mal Lanati ou fè m mal Lanati ou fè m, ou-ou-ouh! Lanati fache L al ak tout sa m posede M santi m pa egziste Paske avè w m te toujou vle ye Men avè w, l ale Pa janm sispann mande pouki Konsa san atann se ou l chwazi Oh gad'on Jou, m a di W ale M pa menm konn si w padone m W ale (w ale) Nou pa menm gen tan repale W ale Pa menm jwenn kò w pou m antere Lanati ou fè m mal Lanati ou fè m mal Lanati ou fè m, ou-ou-ou! W ale (w ale) Pa menm jwenn kò w pou m antere W ale Nou pa menm gen tan repale W ale (o-o-o) M pa menm konn si ou padone m Lanati ou fè m mal, mal, mal Lanati ou fè m mal Lanati ou fè m, ou-ou-ouh! (Lanati ou fè mwen, ou-ou-ou-ou-ouh) W ale, w ale W ale, w ale Ou-ou-ouh W ale, w ale W ale, w ale O-ouh O-ouh W ale