Oh yo pa ka bare m Anmwey anmwey yo pa ka bare m Tande nèg yo ap fè konplo pou bat mwen Yo genlè bliye si gheto yo nan back mwen Simon bèlè solèy belekou Chaje nèg an inifòm kap jere m tou Chanpyon ret chanpyon Ou pap ka bare on nèg tankou m ki plen talan Avan w chache beef mwen retire jup sou ou Monchè al mete pantalon M pral fè suskè nan je w tansyon pral monte w Ou pral oblije pran kalman Tèt ou pral pati m pral fè w fou Yo pral di ke ou tre malad mantalman M bandi pase w nigga M gangster pase w nigga Depi mwen brake m pap pa tire Pou bandi salye bal yo tire Site militè yo rele m anperè yo rele m kòmandan DJ Roger avè m, Jean Robert nan do m E li kanpe an gwo gangan Ou pap ka bare m byen pase otomatik Li pa ka autrement Gwo bout mizik empire siksè sou siksè Yo rele kou manman Tande nèg yo ap fè konplo pou bat mwen Yo genlè bliye si gheto yo nan back mwen Simon bèlè solèy belekou Chaje nèg an inifòm kap jere m tou Enposib pou w bloke m Enposib pou w kopye m Pou m feat avè w nan moman Fò w gen boul kob nan men w E ajenou pou w bo pye m Chanpyon ret chanpyon Wi yo pa ka bare m Yo trete m de fatra wi yo pa ka bale m Pil bad man nan do m yo pa ka kale m Devan devan nèt yo just ka gad ale m Pran poz sipèsta men san moun poko konnen li Pwomèt albòm poutan m wè son pil foto k nan men li Best artist sèl mwen k nomine HMI la m domine Santi manager w la tap fè plis kòb Si l te gen on atis kou krèk koko nan men li Dèyè m gen tout gang solid yo Bèlè Delmas 2 Solino Si w dèyè afronte m nap fè bliye w Kou dechay ki nan fòs komin yo Anmwey lè m tande on katafal Sel atis solo k blòk on kanaval Tande nèg yo ap fè konplo pou bat mwen Yo genlè bliye si gheto yo nan back mwen Simon bèlè solèy belekou Chaje nèg an inifòm kap jere m tou