M pran kou M pran kou vre M pran kou Nan tèt mwen w mouri e nan kè m ou mouri deja Ou mache sou fyète m ou plede imilye m Ou menm abondone m paske m pat gen on goud Met tout afè m nan plan oh Malgre w pat menm pran ka m oh Sa pat janm deranje w paske nan je w m pat moun Si m pat gen tèt m te ka vòlè pou ou Ou ekzije m menm sa m pat ka ba ou Ou bay kò w pou byen materyèl Kounya lavi m chanje ou vle ban m ti rès la, vòlèz Rest in peace, rest in peace makomè Rest in pease Nan tèt mwen w mouri e nan kè m ou mouri deja W abandone m nan moman m te plis bezwen w Ou gaspiye m anpil ane pandan m te renmen w M antre nan sòl pou ou M pran kont ponya pou ou Peye lekòl pou ou sa pou m te fè ankò W ale kite m pou yon lòt ki pa menm bezwen w Menm lopital ou pat janm la pou w te vin pran swen m Kounya bondye chanje lavi m m ap byen pase Ou retounen pou w vin ban m bill Rest in peace blofè Nan dèyè yon lòt ou tap kouri Panse san ou lavi m tap fini Kounya m jwenn yon moun k ap fè m souri K ap fè m rejwi Ou san pitye M ap travay di ou menm ou t ap banbile Plede blese m jouk maleng nan anpire M leve bonè m tal travay di pou ou M pran kou M pran kou vre Nan tèt mwen w mouri e nan kè m ou mouri deja