Gwo Bout Mizik Empire Hey hey hey Haspen on the beat Nèg Cite Soleil gen manch nan men yo Pele Simon gen manch nan men yo Bèlè Delmas 2 gen manch nan men yo Gran Ravin Ti Bwa gen manch nan men yo Yo pete yo pete yo pete Yo pete lè yo nan gè Yo pete yo pete yo pete Lè yo sou koulè Yo pete yo pete yo pete Yo pete pou fè wè Yo pete Pou l ka jwenn mwayen swiviv la l kenbe on manch nan men l Si w pa ba l opsyon kenbe liv la l kenbe on branch kanmenm Se vre l pa ka gon gato men fòk l gen tranch nan men l Si non l ka koupe dread ou l kenbe on branch nan men l Nan simon pou on nèg fò w ou pa bezwen ba l lajan Si w pa pèse nan kòlèt ou wap pran kèk bal ajan Sonje gwo nèg se leta nèg a zam se otorite Pou l gen antèn sou lapolis nan kafou on moto l kite Yo pa tirè delit genyen k tire tou gòl Genyen k tire nan lit genyen k tire pou vòl Sot sòlda vin jeneral fò w gen kran pou w pote aksyon Bay kèk bal kote k su pa w pa gen tan pou operasyon Nèg Cite Soleil gen manch nan men yo Pele Simon gen manch nan men yo Bèlè Delmas 2 gen manch nan men yo Gran Ravin Ti Bwa gen manch nan men yo Yo pete yo pete yo pete Yo pete lè yo nan gè Yo pete yo pete yo pete Lè yo sou koulè Yo pete yo pete yo pete Yo pete pou fè wè Yo pete Nèg yo pete nan gè yo pete pou dan ri Yo pete nan koridò yo pete sou granri Yo pete pastè yo pete ougan wi Menm lè bouda yo piti yo pete kou gran wi W pa ka pete si w wè jeneral la pa fè l avan W pa ka fè back pandan jeneral la ap fè avan Nan geto vi w pap dire si w santi w twò sou moun Ou ka ap viv poutan wap mache ou santi mò sou moun Yon bò wap byen pase yon lòt bò wap chante ka grav Yon bò wap konte kòb yon lòt bò wap konte kadav Pa gen tan pou kriye pou mò se just pase zip ou monte Sa polis pran pou gro zam nan geto se timoun ki pote l Nèg Cite Soleil gen manch nan men yo Pele Simon gen manch nan men yo Bèlè Delmas 2 gen manch nan men yo Gran Ravin Ti Bwa gen manch nan men yo Yo pete yo pete yo pete Yo pete lè yo nan gè Yo pete yo pete yo pete Lè yo sou koulè Yo pete yo pete yo pete Yo pete pou fè wè Yo pete Andan geto gen pou tout tè rapid yap di pete kou misye W annafè a bad boy konnen vi w pap dire epi w pap rete pou plise Bang bang fè ti mò sa dengweng pèdi kò sa Gen nèg kap fin fizye w epi sou kadav ou nigga kap rete pou pise Gen nèg nan pete s on plezi l pran mezi bouda w l ap ba w mezi plon Mezi plon mezi plon pete tout tèt ou lè l resi pran w Gen neg ki pete anlè pou mete plezi nan syèl la Gen lot bad boy m konnen ki konn pete kòtèj prezidansyèl la Gwo fim kap fèt tankou Chuck Norris nèg kap vire avèk glòk toris Menm si w bad man pa pran twò gwo risk Pou w sikile av manch fò w nan blòk polis Si w pa alye nan blòk enmi w pa balade E si w gen kran vin ak klan pa w anfas klan n pou n met bal a de