Yo yo yo It's Roody Roodboy Gwo Bout Mizik Empire Nan peyi'm m'pat vle rete Etazini mwen te monte Lavi miyò m'tal chèche poutan m'echwe Lavi America se pa on bagay fasil (Sa'k te voye'w) Travay America se pa on bagay fasil (Sa'k te voye'w) Al lekòl America se pa on bagay fasil (Sa'k te voye'w) Byen vire America se pa on bagay fasil (Sa'k te voye'w) Lè mwen te fenk debake Tout fanmi mwen t'ap fete Yo te pran'm pou ti bondye Y'ap adore mwen Lè gen de mwa k'finn pase Yo mande'm kilè'm prale Yo kòmanse imilye'm Y'ap repouse mwen Kite'm nan kay la san manje M'pi lèd pase koukou Tcheke patnè'm adwat agoch M'ap chache bras m'ap chache kou Chak tan lepè a gade'm Se komsi'l di'm: Al fè wout ou Pou valè bill li gen pou'l peye Li pap vinn met apse sou klou Lavi America se pa on bagay fasil (Sa'k te voye'w) Travay America se pa on bagay fasil (Sa'k te voye'w) Al lekòl America se pa on bagay fasil (Sa'k te voye'w) Byen vire America se pa on bagay fasil (Sa'k te voye'w) Poste foto sou Facebook Fè moun konnen m'ap byen pase Poutan ti trip ap manje gwo trip M'preske trepase M'telman gen pwoblèm M'santi lespri mwen trakase M'santi m'pèdu valè'm M'ap mal pase Plede manje manje dòmi Nan salon m'ap dòmi M'tankou yon momi Haiti m'sonje manmi America pa gen zanmi Li pa gen fanmi Si'w pa gen backup Depi anlè'w deja kanni Fatherby rele'm li di'm fò'm degaje'm Jwenn yon bèl ti fanm nan peyi blan pou'm marye Men fòk m'veye'm paskel ka pyeje'm Ak yon child support li kapab fon jan'l kondane mwen Lavi America se pa on bagay fasil (Sak te voye'w) Travay America se pa on bagay fasil (Sak te voye'w) Al lekol America se pa on bagay fasil (Sak te voye'w) Byen vire America se pa on bagay fasil (Sak te voye'w) Lè mwen rive America mwen te panse m'nan paradi Reyalite a vinn frape'm mwen wè kijan lavi a di Sa m'patap janm fè Haiti, se yo m'ap fè Miami Lave veso, pase mòp Epi on vye blan ap ban'm dan di M'rele ohhh Mwen pa robo gad jan m'ap bourike M'kriye ohhh Se la pou ye pou wè tray m'ap pase Haiti m'sonje ou Se sikonstans ki fè mwen lwen'w Haiti m'sonje ou Kanmèm yon jou fò'm retounen Lavi America se pa on bagay fasil Travay America se pa on bagay fasil Al lekòl America se pa on bagay fasil Byen vire America se pa on bagay fasil