Yo yo yo yo Ou pa renmen'l vre Its Roody Roodboy Fantom eklate Nèg k'ap bwè avè'w k'demake lè yo pral manje Atè pou'n mete yo Nèg k'ap vinn ba'w baz sèlman lè'w gen pou depanse Atè pou'n mete yo Moun k'antre sou ou sèlman lè yo bezwen pou prete Atè pou'n mete yo Se mwen, se yo Fòk tèt ou la frè'm Pa kite zanmi gaspiye'w Fòk tèt ou la sè'm Pa kite moun itilize'w Fòk tèt ou la frè'm Pa kite zanmi detounen'w Fòk tèt ou la sè'm Pa kite zanmi'w yo devye'w Yo yo M'pap pale an parabòl, M'pral vinn dwat sou verite a Nèg k'ap ba'w j'approuve la, Se li menm pou evite a Yo rele'w boss, Yo rele'w baz, Yo rele'w patron Kou lajan'w fini granmèsi chyen an s'on kout baton Fo'w maton, mete tèt ou sou zepòl ou Y'ap pale'w de pwogram jamè yo pap pale'w de lekòl ou Lè'm nan pwoblèm mizè'm poukò mwen Lè'm gen afè'm kite'm jwi li poukò mwen Nèg k'ap bwè avè'w k'demake lè yo pral manje Atè pou'n mete yo Nèg k'ap vinn ba'w baz sèlman lè'w gen pou depanse Atè pou'n mete yo Moun k'antre sou ou sèlman lè yo bezwen pou prete Atè pou'n mete yo Se mwen se yo… Fòk tèt ou la frè'm Pa kite zanmi gaspiye'w Fòk tèt ou la sè'm Pa kite moun itilize'w Fòk tèt ou la frè'm Pa kite zanmi detounen'w Fòk tèt ou la sè'm Pa kite zanmi'w yo devye'w Ou pa renmenl vre Y'ap pran'w pou tou piyay, pou toujou bay, y'ap lave men ou Use ou tankou kobay, si'w pa met may, enbyen frèm men ou Pou yo fòk sant mizè ya ta toujou ret anba nen ou Lè'w te genyen ou tonbe, menm frè'w ka di li pa konnen ou Fòk tèt ou la, se tèt ou dabò, gen trèt tou abò, fè byen se fwèt Lè'w gen y'ap avèw, y'ap rele mèt, y'ap ba'w tout pawòl pou blanchi'w nèt Egzanp, mwen menm ki la m'te gen disip ke Jezi Kris Moman kalmi yo m'pat wè yo youn, yo t'ap viv nan mond jidayis Travay Bondye fè'm ret nan menm, je'm vinn louvri m'wè s'ak t'atè yo M'klete pòch mwen, gen sa'k te pwòch mwen, m'dekouvri k'te eksplwatè yo Alèkile pa gen zanmi ankò, gen defandè enterè M'tou pale'w fòk tèt ou la, pou devan'w pa tounen dèyè'w Eklate Menm Bondye di pa met konfyans nou nan lòm Se sak fè mwen pran mizè mwen poukò'm M'veye, M'priye, M'fè kòmsi m'pa sou bò'n Letènel m'ap priye li pap janm kite'm poukò'm Fòk tèt ou la frè'm Pa kite zanmi gaspiye'w Fòk tèt ou la sè'm Pa kite moun itilize'w Fòk tèt ou la frè'm Pa kite zanmi detounen'w Fòk tèt ou la sè'm Pa kite zanmi'w yo devye'w Fòk tèt ou la frè'm