Mwen pat janm imajine Ke yon jou vi mwen ta konsa Cheri depi w ale nan tout sa m'ap fè m'ap chèche Ou te tèlman byen konplete m San ou mwen wè m manke mwatye m Pa ka rive kontwole m Depi yon fi menm jan avè w m'anvi avè li Pa juje m, pa juje m Se mwen k konnen sa m pèdi Pa juje m, pa juje m Ti kafe nan kabann mwen, pase men sou vant mwen Pa juje m, pa juje m Mwen te gentan fin kapte Mwen vrèman dezole E m'gentan fè wout mwen m'ale Ou te ban m twòp manti Kè mwen te blese, l'tap jemi Deside sispann soufri, pou m rekòmanse yon lòt vi Mwen t'ap monte yon kalvè Men Bondye ban m fòs pou mwen wè klè Pa juje m, pa juje m Se mwen k konnen sa m pèdi Pa juje m, pa juje m Ti kafe nan kabann mwen, pase men sou vant mwen Pa juje m, pa juje m Mwen dezole cheri m'oblije ale Li toujou pi fasil pou kritike Lè w jwenn yon sitayasyon ke se pa ou k'ap travèsè l Si w konnen w pa koupab pou sa w'akize m Pran wòch ou epi voye l sou mwen E sa nou lage wi la a Shedly, nou refè l Yaya yayay Men konpa I'm sorry baby, fò k mwen ale Désolé cheri, fò k mwen ale Mwen konnen tout sa m di ap sèvi kont mwen Se sa ki pi fasil pou moun k'ap gade nou de lwen Depi w chache ekskize w, se kòmsi ou akize w Pa gen dlo ki pou lave w Sa pa deranje m Yo mèt pale di sa yo vle, sa pa deranje m Sa rive anpil ke w g'on fi w'obsede pou li E li difisil menm lè w ta chèche bliye li Kounye an ou nan solitud Te gentan gen abitud ki pral ran n lavi ou pi du Tout moun wè w fin fou Yo mèt pale di sa yo vle, sa pa deranje m I'm sorry baby, fò k mwen ale Désolé cheri, fò k mwen ale Yo mèt pale di sa yo vle, sa pa deranje m Konpa Sa pa deranje m (rpt)