Pa pouvwa mèt tè a Mèt dlo a Mèt dife a Mèt van an Map mande pou tout lwa bitasyon Bò manman Bò papa Bò grann Bò gran grann Pou yo leve pou yo kanpe ansanm avèk mwen Ago Agoci Agola Anperè m vin di w bonswa Jeneral m vin di w bonswa Premye rèn m vin di w bonswa la Kilè li ye n prale Di Grann m vin di w bonswa Mètrès vin di w bonswa Parenn Legba m vin di w bonswa la Kilè li ye n prale Ouvè pot la mwen pou m antre M di ouvè pot la mwen pou m antre Mwen se pitit zèb atè Mwen se pitit lafimen M se pitit sosyete a Ouvè pòt la pou mwen pou m antre Lè m antre ma peye Lè m antre ma peye Lè m antre Je wouj Bosou Lenglensou Mèt Kafou Ayida Danbala Agawou Ogou Kouzen Agwe Lasirèn Ayizan Velekete Ouvè pot la mwen pou m antre M di ouvè pot la mwen pou m antre Mwen se pitit zèb atè Mwen se pitit lafimen Mwen se pitit sosyete a Ouvè pòt la pou mwen pou m antre Lò m antre ma peye Lò m antre ma peye Lò m antre ma peye Freda Granbwa Lemba Marasa Lovana Loko Simbi andezo Dantò Ti Jean Sobo Badè Tout eskot gede yoo Lò m antre ma peye Lò m antre ma peye Lò m antre map fout peye Lò m antre ma peye