And this is Steves J. Bryan Jete dlo Liminen Limyè pou nou Sonje sakrifis zansèt yo te fè pou nou Kelke swa kotem ta ye nan mond sa, map toujou ayitien m’konn sa so Bonswa Vini’m prezante nou kisa’k fe nou moun, kisa’k fe nou rich ni lot media yo ba nou zoom Sou Beat sa m’trason vèvè poum k montre nou jan nou fyè Nou renmen tè n tankou vè tè pandan l’espri nou ret anlè Lè’m jeté dlo tout sam pa wè yo ranmasel Lè’m di ayibobo tout sak pa pre’m yo vin tandem Nou ret yon pèp ki fò lè sa pa bon n’ danse mizè’n Ayiti son peyi pa bliye ayitien ki fè’l Kelke swa orientation’n religion’n oubyen koule’n Depi nan san w nap ret uni gade mpap pè rele nou frè’m Tout sak sanble ann rasanble e, nou pral voye peyi’n monte e Kò’n te met lwen a kè’n nou pre, siw ayitien yon sel nou ye e e Ohooo ohoooo Lenba di nou louvri je n tande (Louvri Je nou) Ayiti se pou nou li ye (pou nou) Se pou ou li ye Se pou mwen li ye Pou nou tout tande Ayiti peyi rich peyi gro lakou, peyi kafe peyi bannann peyi rapadou Peyi dash peyi plaj peyi marabou, peyi Riva peyi Steves J peyi paw la tou Peyi kote lanmou koulè tankou kaskad, menm lè yo vle’n ou pa se lè nou pap jamè bay vag Nou bay blag pou’n ri malè nou, pandan situation’n pa stab son paradi k’ gen gè tankou bagdad Sèl sa’n bezwen son ti moman pou’n apresye, Poze tet ou yon kesyon pouki son ayitien ou ye? Si’w paka we richès ou, wap toujou nan pauvreté, se paske’w t vle chanjman ki few goumen pou libète Respè tout madan sara kap met manje sou tab nou tout, intellectuel kap vin kondwi nou pandan peyi’n pa gen wout Djaspora, entrepreneur kap investi e kelke swa kotew ta ye, leve kanpe pou ayiti Ohooo ohoooo Lenba di nou louvri je n tande (Louvri Je nou) Ayiti se pou nou li ye (pou nou) Se pou ou li ye Se pou mwen li ye Pou nou tout tande Ayiti son tablo li ye Fow mete nwa pou w ka sonje Ajiute wouj pou plis viktwa Pa Bliye vèt pou plis lespwa Ayiti son tablo li ye Fow mete nwa pou w ka sonje Ajiute wouj pou plis viktwa Pa Bliye vèt pou plis lespwa Ohooo ohoooo Lenba di nou louvri je n tande (Louvri Je nou) Ayiti se pou nou li ye (pou nou) Se pou ou li ye Se pou mwen li ye Pou nou tout tande