W'anfas mwen, je'w nan je mwen Kò'w sere fò kont kò mwen Men sa pa anpeche'm santi mwen Ap plonge nan fon pou kont mwen Èske son lot ou genyen (di mwen) Èske se love li ba'w (ke mwen) Msanti map pedi'w San mwen pa ka fè anyen kont sa Men m'pa suspann di, hey oh Eske'w tande vwa'm k'ap, rele'w nan vid Chak jou m'santi m'ap pedi'w pi plis Sa son SOS, tanpri fè yon jès Mwen la devan'w chak jou Men m'santi'm envizib pou ou Envizib Envizib Envizib Tout moun ap kesyone mwen Sou jan nou vin diferan (paske) Depi se ou'k bò kote mwen Gon silans a glase san Èske'w pa renmen'm ankò (di mwen) Èske'w rebati mond ou men (san mwen) Menm si li di pou mwen Souple kite'm konnen Paske mpa suspann di hey oh Eske'w tande vwa'm k'ap, rele'w nan vid Chak jou m'santi m'ap pedi'w pi plis Sa son SOS, tanpri fè yon jès Mwen la devan'w chak jou Men m'santi'm envizib pou ou Envizib Envizib Envizib Èske gon rezon pou'm ap pouswiv lanmou Pandan ke chak jou lanmou ap kouri pou mwen (Pou mwen, pou mwen) Di mwen ki plas m'okipe nan panse'w Eske m'toujou egziste, eske'w renmen mwen Di mwen (Baby èske'w tande vwa'm) Hey oh eske'w tande vwa'm k'ap, rele'w nan vid Chak jou m'santi m'ap pedi'w pi plis Sa son SOS, tanpri fè yon jès Mwen la devan'w chak jou Men m'santi'm envizib pou ou Envizib Envizib Envizib Ou pa wè mwen eh! Ou pa wè mwen no! Ou pa wè mwen eh! Ou pa wè mwen no!