Jodi a nou la fò nou konprann poukisa Ki erè n te fè ki koz n ap pase mizè Gen twò lontan yap bann manti Li lè pou nou leve kanpe Pou n di yo Ayiti pa pou yo Mwen swete n al chèche verite konn kiyès nou ye Mwen swete n pran konsyans richès nou pou n pa gaspiye Mwen swete ke nou pa pran kilti nou voye l jete Pa tonbe nan tanpri souple Fò nou pa mache tèt bese An n ale An n chante pou Ayiti cheri An n priye pou li sispann soufri An n chante pou la Perle des Antilles Peyi m s’on paradi Peyi m s on mèvèy Kap fleri anba solèy Nou make listwa Se nou pi premye pèp nwa Chèche konnen kote n soti lè sa n a konnen kote n prale Sepandan atansyon tantasyon ka fè tèt nou vire Mwen swete n pa kite politik fè nou divize Mwen swete n pran konsyans ke n’ se on pèp ki sivilize Mwen swete n pa kite letranje vinn kolonize n Ayiti se pou nou li ye Se eritaj zansèt nou kite Fò n sonje An n chante pou Ayiti cheri An n priye pou li sispann soufri An n chante pou la Perle des Antilles Peyi m s on paradi An n chante pou Ayiti cheri An n priye pou li sispann soufri An n chante pou la Perle des Antilles Peyi m s on paradi Peyi m s on paradi