Si w wè mwen la m ap griyen dan ba ou Sa pa vle di m pa konn anyen de ou Te vle pase tout tan mwen nan bra ou Men vye aksyon w fe m limite tan ou M konn tout sa w fè m konn jan w betize m Epi ou la w ap montre w bò kote m o Mwen la toujou paske m metrize m M pa egare m pap ret pou m ba w kofre m O pa enkyete w Si w wè nan vi m poko ranplase w M poko jwenn pi bon pase w Si w wè nan vi m poko efase w Poko jwenn pi bon pase w Se pa bon w bon konsa vre oo tande M poko jwenn pi bon pase w Si vid mwen yo pa konble Nòmal pou kè mwen an konje Twòp tan santiman m ap ranpe Mwen pap kanpe Fò m jwenn sa kè m mande Bouke sipliye w, bouke sitire w gyal M Bouke ti kriye w, ou Boule diyite w mal Ou te fin limen m ou menm ki etenn mwen M te pran w pou chans ou menm ki devenn mwen M konn tout sa w fè m konn jan w betize m Epi ou la w ap montre w bò kote m o Mwen la toujou paske m metrize m M pa egare m pap ret pou m ba w kofre m O pa enkyete w Si w wè nan vi m poko ranplase w M poko jwenn pi bon pase w Si w wè nan vi m poko efase w Poko jwenn pi bon pase w Se pa bon w bon konsa vre oo tande M poko jwenn pi bon pase w Ti cherie sipann domi tande (reveye w) Gen lòt ki ka bay plezi tande (leve pye w) Pa vinn pran poz ou sezi tande Mezanmi o gadon w sezisman Woy woy woy Woy woy woy Woooy, woy woy Sa w pata panse (li ka ban mwen l) Tout sa w neglije, son w espas ou kite Wooy woy woy Si w pa ban mwen tan (li ka ban mwen l) Si w ta ban m do Ap gon w lòt ki vle la pou mwen Men karès ou pa vle bay la (li ka ban mwen l) Men lajan w pa vle bay la (li ka ban mwen l) Men afeksyon w pa vle bay la (li ka ban mwen l) Men ti tan w pa vle bay la (li ka ban mwen l) Ti flè ou pa vle bay la (li ka ban mwen l) Ti bobo w’ pa vle bay la (li ka ban mwen l) Ti lambi w pa vle bay la (li ka ban mwen l) Mezanmi o gadon w sezisman Wooy woy woy Wooy woy woy