M fè yon chwa nan lavi m Ki mete m nan trajedi M pat vle sa pran lari M oblije kenbe pandan m’ap soufri M ap sibi yon gwo mal Men m pa vle rann mal pou mal M te vle kenbe relasyon sa Jiskaske kè m febli l tonbe nan koma Byen mwen pou mwen, mal mwen pou mwen Sak rive m se pa mwen, pa gen plenyen oh Byen mwen pou mwen, mal mwen pou mwen Sak rive m se pa mwen, pa gen plenyen Chwa sa, moun sa, moman sa Pi move desizyon nan vi mwen Desizyon nan vi an mwen Di m se granmoun, mwen pa timoun M pap pran konsèy moun Sa ta pral koute lavi mwen Nan manje san enfome Kè m anpwazone Byen mwen pou mwen, mal mwen pou mwen Sak rive m se pa mwen, pa gen plenyen oh Byen mwen pou mwen, mal mwen pou mwen Sak rive m se pa mwen, pa gen plenyen Kè m ap dechire M pa pale Kè m ap dechire M pa pale M ap pran responsablite mwen M ap kriye pou kont mwen M ap pran swen kè mwen M ap pran men mwen (M pa pè, m pa pè) M pa pè rekòmanse (M pa pè, m pa pè) Repran lavi m o serye (M pa pè, m pa pè) Kè mwen mèt dilate (M pa pè, m pa pè) M pap janm pè afronte Kè m ap dechire M pa pale Kè m ap dechire M pa pale M ap pran responsablite mwen M ap kriye pou kont mwen M ap pran swen kè mwen M ap pran men mwen (M pa pè, m pa pè) M pa pè rekòmanse (M pa pè, m pa pè) Repran lavi m o serye (M pa pè, m pa pè) Kè mwen mèt dilate (M pa pè, m pa pè) M pap janm pè afronte Kè m ap dechire M pa pale Kè m ap dechire M pa pale M ap pran responsablite mwen M ap kriye pou kont mwen M ap pran swen kè mwen M ap pran men mwen