Si kè mwen te ka pale Mwen ta di w sa m resanti pou ou Tout sa mwen anvi di w Pawòl paka eksprime Si lanmou te lapriyè Ta priye bondye jouk nan lanfè Pou li ka fè w konpran Jan ou konte pou mwen Men jodia mwen devan w Avèk tout sa m ye sa m posede Tout sa m vle di w mwen vle viv Avè w pou letènite Si kè m te konn fè mizik Li ta vinn soufle nan zorèy ou Tout bèl ti melodi ke vwa mwen paka chante Si rèv te reyalite mwen tap menenw yon ti kote Ki gen bèl sous dlo k ap koule Yon paradi mwen imajine Kot lanmou pap effase Men jodia mwen devan w Avèk tout sa m ye sa m posede Tout sa m vle di w mwen vle viv Avè w pou letènite Oh babe Ouve pot la pou mwen Ouve pot la pou mwen Ouve pot la pou mwen Nan kew mwen vle rantre Cheri ouve banm pase Ouve pot la pou mwen Ouve pot la pou mwen Nan kew mwen vle rantre Cheri ouve banm pase Menm si m pa gen lò ak dyaman M ap toujou fè ti kè w kontan Renmen w pou tout tan Lanmou nou an, se sa k pi impotan Mwen prè pou ba ou sa m posede Ba ou tout lavi m tout antye Devan lèzòm, devan bondye Se ou mwen vle, baby Ouvè pot la pou mwen Ouvè pot la pou mwen Nan kew mwen vle rantre Cheri ouve banm pase Ouve pot la pou mwen Ouve pot la pou mwen Nan kew mwen vle rantre Cheri kite m pase Menm si m pa gen lò ak dyaman M ap toujou fè ti kè w kontan Renmen w pou tout tan Lanmou nou an, se sa k pi impotan Mwen prè pou ba ou sa m posede Ba ou tout lavi m tout antye Devan lèzòm, devan bondye Se ou mwen vle, baby