Demaske'w devan pòt mwen silvouplè (deplase laa) Kè'm demenaje, ou pa bezwen vinn wè'l ankò Vizit ou pa pote plis ke regrè Pènn avèk ènn lè'w fè'm fè erè Demaske'w devan baryè'm silvouplè M'pap fwenk ouvè, gade pou wè Souple lanmou (souple) M'pa gen plas pou ou Lè'w finn fè'm damou Ou toujou bat zèl ou Se pase'w pase'w pa rete (gade jodia lanmou) Ou mèt frape ou pap rantre Deyò, deyò nèt Sispann sone telefònn mwen souple (Anh, mete'm atè) Antere nimero'm jouk anba tè souple Zòrèy mwen gentan konnen'w kòm mantè So'w pa bezwen vinn fè pyès kòmantè Efase nimero mwen silvouplè Wrong number, se sa ou fè Souple lanmou (souple) M'pa gen plas pou ou Lè'w finn fè'm damou Ou toujou bat zèl ou Se pase'w pase'w pa rete (ou pa janm rete oh) Ou mèt frape ou pap rantre (jodia) Deyò, deyò nèt Sila ki jwenn moun yo, bravo pou yo Sa pa deranje'm, mwen solo mio Sila ki jwenn moun yo, bravo pou yo Sa pa deranje'm, mwen solo mio M'ap jere kè'm, m'ap jere kò'm Solo mio, baw! Chak lè'm finn ba'w kredi Se mwen'k peye pou li (Lanmou oh, souple oh) Ay pito'm ret poukont mwen Se chwa sa'k bon pou mwen eh (Lanmou oh, souple oh) Mete'm atè Gad travay lanmou, oh Ou funny lanmou Ou finn mare fache avè'm Nou pa zanmi lanmou Kòm se sanwont san santiman ki nan fanmi'w lanmou Kounyea m'se machann M'bezwen kliyan pou'm vann li lanmou M'paka kriye anko, non Lanmè zye'm seche Kè'm demenaje'l pa la Nan tèt mwen'l rete Kounyea se kou pou kou Lè yon moun di'm i love you M'ap di'l that's cute, thank you But I love me too Eske'n te fèt ak moun (Non, I'm sorry for you) Eske nou pral ak moun (Non, I'm sorry for you) M'te fèt solo M'ap mouri solo Antere solo mio, baw! Sila ki jwenn moun yo, bravo pou yo Sa pa deranje'm, mwen solo mio Sila ki jwenn moun yo, bravo pou yo Sa pa deranje'm, mwen solo mio M'ap jere kè'm, m'ap jere kò'm Solo mio, baw! Pito'm ret poukont mwen Se chwa sa'k bon pou mwen eh (Lanmou oh, souple oh) Mete'm atè Eske'n te fèt ak moun (Non, I'm sorry for you) Eske nou pral ak moun (Non, I'm sorry for you) M'te fèt solo M'ap mouri solo Antere solo mio, baw! Souple lanmou (souple) M'pa gen plas pou ou Lè'w finn fè'm damou Ou toujou bat zèl ou Se pase'w pase'w pa rete (ou pa janm rete oh) Ou mèt frape ou pap rantre (jodia) Deyò, deyò nèt