Lè yo met ti sik sou poupou a pou ba'l gou dous Nou manje l' cuz li gen gou diri madan gougous Lè yo met mistolin nan dlo rigòl la pou sous San bouche nen nou bwè'l nou di thank you nou ba yo bout pous Men g'on bagay m' wè nou pa konstate Ki se richès peyi a ke yo fin bote san papye Menm mwen kap pot mesaj saa pou nou Trust me m' pa konn sa'l ye Men pouki lè fo touris yo antre yo pa janm ale? Yo voye zam pou'n fè gè Pou yo ka vin met lapè Pa wè s'on fason pou antre nan peyi'm san frape Nou chita la nou pa care, St Thomas pa wè'l pa kwè Pandan bouboune peyi a fini nan bay chak moun f'on tape Yo jwe nan mind nou, vin lakay nou, pran bagay nou Kraze zantray nou, pran min lò ki nan fatra nou Pran pòz y'ap bay èd men s'on sistèm pou'n mande k' kreye Jiskaprezan yo a Bondye k' konn sa 12 janvye te ye Pou touris ki pa janm ale yo m' di w Mèsi Blan Pou Pitit pèp la'w kondane yo m' di w Mèsi Blan Pou chèf leta m' ou egare yo m' di w Mèsi Blan Pou pwòp zafè'm wap fè'm kado yo m' di w Mèsi Blan Pou touris ki pa janm ale yo m' di w Mèsi Blan Pou Pitit pèp la' w kondane yo m' di w Mèsi Blan Talè pou w pa vin joure'm engra m' di w Mèsi Blan Si nou konprann sa map pale yo di Mèsi Blan Kounya a n'ap di sa ti nèg saa gen la a? Sa l'ap rakonte la a? Oh! Misye fou? Nan ki dosye l'ap antre la a? Map antre nan sa'k gade'm Map montre jan sa fwase m Antre nan manman blan kap di Map boule nan sak pase m Non! Se pa nou tout wap ka vin bay pil BS Anba 2 baton dola goud la ap f'on pil ti S Yo fin pèdi Ayiti, y'ap chèche l' a GPS Lè yo jwenn li yo anchene l' Pou'm pe yo banm TPS Peyi'm te dou k'on mouton Yo met baka nan paradi an Yo konnen' n nan grangou Yo met kaka nan salami an Tout St Domingue te pou nou Kounya a nap kriye pou mwatye Nou pat vle lib Nou pat vle Jean Nou touye Jacques Yo ba n' Matye Kounya a nap di m' fou Blan yo pap konprann sa l'ap di a Ou tap ri m' tande mazora e la' w pa fò a Gen moun se kreyòl li pale San ayisyen pa nan san l' Siw pa konn kiyès blan yo ye Lè'w ayisyen wa konprann Pou touris ki pa janm ale yo m' di w Mèsi Blan Pou Pitit pèp la'w kondane yo m' di w Mèsi Blan Pou chèf leta m' ou egare yo m' di w Mèsi Blan Pou pwòp zafè'm wap fè'm kado yo m' di w Mèsi Blan Pou touris ki pa janm ale yo m' di w Mèsi Blan Pou Pitit pèp la' w kondane yo m' di w Mèsi Blan Talè pou w pa vin joure'm engra m' di w Mèsi Blan Si nou konprann sa map pale yo di Mèsi Blan Si m' pat ayisyen m' pa tap byen Si m' pat ayisyen m' pa tap mwen Si m' pat ayisyen m' pa tap BRAiN But guess what? Nan moman saa Si m' pat ayisyen now m' tap lwen Lè w ayisyen wa konprann ou menm Wap konprann kiyès ki blan yo Wap konprann se ou, se li, se mwen, se yo Tout moun yo kondane yo (Yeah) Ti nèg kap trayi nèg yo, Mèsi Blan Sè kap goumen ak sè yo, Mèsi Blan Wap jete fatra nan lari a m' di w, Mèsi Blan Wap kraze Ayiti map di w, Mèsi Blan Prolonje kontra MINISTAH yo, Mèsi Blan Voye zam pou m' goumen ak frè'm yo, Mèsi Blan Kraze eleksyon m' diw, Mèsi Blan m' wè'w andeeeeeeeeeee (Wouywouyyy) Pou touris ki pa janm ale yo m' di w Mèsi Blan Pou Pitit pèp la'w kondane yo m' di w Mèsi Blan Pou chèf leta m' ou egare yo m' di w Mèsi Blan Pou pwòp zafè'm wap fè'm kado yo m' di w Mèsi Blan Pou touris ki pa janm ale yo m' di w Mèsi Blan Pou Pitit pèp la' w kondane yo m' di w Mèsi Blan Talè pou w pa vin joure'm engra m' di w Mèsi Blan Si nou konprann sa map pale yo di Mèsi Blan