Yon jou’w gen pou anvi gad dèyè Pou’w regrèt sa’w te fè Raple’w chak erè Pandan’w t’ap viv nan manti ou te vle chanje’m Te met kè’m an danje E’m pa menm vle vanje De ou mwen pap janm geri Paske’w detwi Sak fè’m santi’m vivan Ou ale avèk tout sa k’ te bon Nan Ou m’te panse wè tout sa k bon Nou te kwochte Men’w dekroche’m Flanm sa m pakonn pouki’m te pwochel Ou te panse’w ka tounen lèw vle Jodia se yon lòt jou M gen twòp bagay Pou’m repwoche’w M tèlman regrèt ke’m te proche’w Epi tout love m te ba ou M’espere yon jou l’ap fèw sonje Ke’m te serye ou t’ap jwe M Santi ke’m te fè twòp Pandan ke ou Pa’t janm fè ase Fè’m kwè ke kè’w te pwòp Nenpòt ti erè te met dlo nan je’w Si’m ta di jan sa te pran’m tan pou’m Remak’on w moun tankou’w Pa fè lòt bagay ke mal vre Tout bon santiman’m Fin ale (Si ta gon ) Fason pou’m tounen nan tan Efase rankont nou ansanm Pou’m te f’on pi bon chwa m’tap pran san’m Jodia se yon lòt jou M gen twòp bagay Pou’m repwoche’w M tèlman regrèt ke’m te proche’w Epi tout love m te ba ou M’espere yon jou l’ap fèw sonje Ke’m te serye ou t’ap jwe