Jou a rive, e mwen pare Mwen nan pye verite m Pa mande si mwen strese Nan tèt mwen sa kap pase Tout moun kanpe lè l'ap rantre sou yon mizik k'ap jwe Map gade li mwen souri Nan tèt mwen chaje souvni 16 an, 17 an kòmanse fè vakabon Ak zanmi lekòl nan tout fèt ap fe ti pouchon Se te yon defi pou te renmen ak plizyè fi Se te menm yon foli pou rakonte jan yo soufri Devan fanmi, devan zanmi libète n pral fini Yon lòt paj ki pral ouvri, yon lòt etap nan lavi Plis wap grandi, pran plezi nan lòt reflechi Fè tout kalite eksperyans ki gen nan lavi Men san avèti wa wè kijan yon fi vini E se li wa chwazi malgre sa la sosyete di Ainsi, l'homme quittera son père et sa mère, et s'attachera à sa femme Pasaj oblije ke lavi mande On dit de nos jours, li pa rapòte Yon lyen ki sakre ke lèzòm souye Fòk ou sakrifye w si w vle fonde yon fwaye Jodia li pou mwen demen li pou yon lòt Chéri, je te donne cette alliance en signe de notre amour Klòch la sonnen, yo pran m Bag la pase, yo pran m Manman m ap kriye, yo pran m Yo di jou maryaj la nou tout chanje Moun ou marye la se pa li w te file Oblije reziye w madanm ou li ye Se sou bra l pou apiye Klòch la sonnen, yo pran m Bag la pase, yo pran m Manman m ap kriye, yo pran m Ooh, gade nèg a vès Yap veye resepsyon an Ey, antrenè Brezil la, bon kote w prale ak vès a kawo sa a? Se Damien'w pral jwe? Fini les sorties en toute liberté Fini les dépenses sans nécessité Paka gaspiye depens yo double Yo pral pale m de ti bebe Klòch la sonnen, yo pran m Bag la pase, yo pran m Manman m ap kriye, yo pran m Gad'on kòd, gad'on kòd, he hey Lè medam yo ap pran nou, gade non, sousi yo kadnase Demenaje, peye lwaye Ahh, piti ou gen bil Yo pale anpil, yo pa fasil Ahh, monchè reziye w Yo yo yo yo pran w Yo yo yo pran w