Cheri make m Mwen vle li gen menm bouch avè w Pou li souri menm jan avè w Pou lè li gade mwen, se pòt syèl la k ouvri pou mwen Mwen vle l pale menm jan avè w M vle l mache menm jan avè w Pou li gen ezans ou ak elegans ou Banm yon pitit fi, oh Yon bèl ti pitit fi, oh Pou li rele menm jan avè w Pou li sanble menm jan avè w Banm yon pitit fi, oh Yon bèl ti pitit fi, oh Pou mwen renmen l menm jan avè w Pou mwen pran swen l menm jan avè w Pou lè l fache avè m m santi tèt mwen pati E pou lè l kontan wè m li sere m fò nan bra li Fè m kado youn tranpri, m a di w mèsi jou e nwi Fè de li yon bèl kopi w, pou lè m avè l mwen wè w nan li Lè l kenbe men m ma fè foli Banm yon pitit fi, oh Yon bèl ti pitit fi, oh Pou li rele menm jan avè w Pou li sanble menm jan avè w Banm yon pitit fi, oh Yon bèl ti pitit fi, oh Pou mwen renmen l menm jan avè w Pou mwen pran swen l menm jan avè w Ou make m, w make lavi m ak lanmou Ou make m, w make m ak moso lanmou Mwen vle li pran bote ou Pran tout sa k bon kote w Mwen vle li tèlman sanble w Pou yo konfonn pòtre w Ou make m, w make lavi m ak lanmou Ou make m, w make m ak moso lanmou Ou mèt make lavi m baby I won't say no Ekri l ak lank lanmou tankou yon tatoo sou po m Ban m yon moso nan ou se t ap pi bèl kado La pase swaf lanmou m tankou se ton ti dlo Cheri ou mèt make m, ou mèt make lavi m Cheri make m, make m non Cheri make m Make m non Cheri make m Mwen vle li pran bote ou Pran tout sa k bon kote w Mwen vle li tèlman sanble w Pou yo konfonn pòtre w Ou make m, w make lavi m ak lanmou Ou make m, w make m ak moso lanmou Ou mèt make lavi m baby I won't say no Ekri l ak lank lanmou tankou yon tatoo sou po m Ban m yon moso nan ou se t ap pi bèl kado La pase swaf lanmou m tankou se ton ti dlo