Baby mwen, vle mete w an konfyans Pou bouch yo ba nou chans Pou n viv E mwen, vle di w kiyès mwen ye Rakonte w tout pase m Epi montre w tout lank ki tache vi mwen Pou w posede mwen san doute E kreye pwòp konplisite Avan yo vin di w, lese mwen avoue Fò w konteste dosye Pawòl ka pale Avoue la verite woyy oze di w tout sa ki oze Avoue la verite Pale sa gason toujou pè pale woyy oze di w tout sa ki oze Avoue la verite Pale sa gason toujou pè pale Mwen pase plizyè fi Men cheri mwen pa wont di w Si m eseye f on lis Mwen pa kwè m ap janm ka fini li Pa mande m tanpri Konbyen nan yo m te renmen E pa mande m non plis Konbyen nan yo M kite yon bon matin Avoue la verite Woy oze di m tout sa ki oze Avoue la verite M ap pale pale cheri Sa gason toujou pè pale Maestro I know you got my back Mwen viv ak Stefanie Dòmi kay Natalie Se vre m ta Melanie Cheri mwen file bon zanmi w tou Men m pat bon non Pòtoprens fonksyone an CIA Pa gen moun yo vle yo pap jwenn dosye l Lasosyete dèfwa san pitye Lè yap bay curriculum vite w Pa gen anyen nan vil sa k pa pale Verite ou sa yo envante Mwen pa vle anyen etone w Cheri, pito mwen Avoue la verite Woy oze di m tout sa ki oze Avoue la verite Pale sa gason toujou pè pale Avoue la verite Oze di w tout sa ki oze cheri Avoue la verite Pale sa gason toujou pè pale Mwen renmen w anpil oooo Nan vi m mwen vle genyen w a tout prix Fè m konfyans tanpri Pa pè mande m lè on zanmi vin di ou Se yon gwo sakrifis Pou mwen avè w pi byen pi plis Padone m e apresye m Paske m ap pale pale pale