Pa okipe w de sa wap tande a (Sa yap di deyò a!) Pito w veye saw pral wè a (Klass it is pi rèd!) Pa okipe w de sa wap tande a (Anlè nèt!) Pito w veye saw pral wè a (Richie ou wè kou a!) Zaboka pa pizza, mpap achte l pa tranch Gade non ti papa chak jou pa dimanch (chante) Zaboka pa pizza, m pap achte l pa tranch Gade non ti papa papa Se fanatik yo k mete’n la Wi nou travay di pou sa Se nèg anlè a k mete’n la Ou paka retire’n la (ayayay) Kite yo ranse pandan n’ap vanse Se pi wo ke nou vize Ke’w fè ke’w pa fè lèzòm kritike Konsa lanati fonksyone Ou taye zèb anba pye nou Ou vle elimine nou Pandan ke sa’w pwopoze a Se pa li k verite a Si nan tout istwa chasè se ero Se paske lyon pa konn ekri Malgre tout sa’w fè nou pote’w sou do W’ap di’w pile zegwi woy Zaboka pa pizza, mpap achte l pa tranch Gade non ti papa chak jou pa dimanch (la voix) Zaboka pa pizza, m pap achte l pa tranch Gade non ti papa papa Break it down! Pa okipe w de sa wap tande a (Se pale yo ka pale kite yo) Pito w veye saw pral wè a (Veye ha ha ha) Pa okipe w de sa wap tande a (Pozo pase kle w, kranke machin lan) Pito w veye saw pral wè a Konpa! Konpa! Konpa! Konpa! Wi pip pip! Weyy! Ayiti cheri! Weyy! Les Antilles! Weyy! N’ale! Woyy! Ay ay ay! Nou gon konpa ki...TOU PARE! Fanatik...Y’AP SEPARE! Klass la vini...TOU PARE! Ayisyen yo...Y’AP SEPARE! Si ba direksyon jenès la kase Se ou menm ki fè sa (se ou) Se ou menm ki fè sa (mwen di se ou) Wi se ou menm Si sa’n ka ekspòte banalize Se ou menm ki fè sa (se vre) Se ou menm ki fè sa (mwen di se ou) Wi se ou menm Nou gon konpa ki...TOU PARE! Fanatik...Y’AP SEPARE! Di Klass la vini...TOU PARE! Antiyè...Y’AP SEPARE! Timoun kounya nan di “N’importe quoi” Se ou menm ki fè sa (se ou) Se ou menm ki fè sa (mwen di gade) Wi se ou menm Olye ‘w fè travay la, w ap rablabla Se ou menm ki fè sa (ou fè l vre) Se ou menm ki fè sa Wi se ou menm Maestro kanpe djaz la! Kanpe djaz la! Kounya nich yo inonde (Nich yo mouye) Y’ap chèche pay sèch nan Klass la (Sa fanatik yo di?) Zaboka pa pizza (Sa vle di) Nou pap achte l! Nou pap achte l pa tranch! Richie, bese djaz la! Kounya nich yo inonde (Tou nich yo mouye wi) Y’ap cheche pay sèch nan Klass la (Sa lemond antye di?) Zaboka pa pizza (Sa vle di) Nou pap achte l! Nou pap achte l pa tranch! Tout jan m tout jan Djaz planèt la An flannè Men bon rara! Pale ak moun yo! Pandan y ap ranse (se sa) Nou menm n ap vanse (se sa) Manti m fè?!