Pale klè pale cho Pale vit pale klè pale cho Pale vit pale klè pale cho Pale klè pale cho M sèmante m pa gendwa janm fout pale pou moun ankò Yè m'al nan on ti party Avek you zanmi Nou rankontre you bèl lady Zanmi m' entèrese men Ii pè pwoche Li di m' tanpri, pale pou li Mwen bay manzè bèl ti pawòl (Bèl ti pawòl) Nan tèt mwen zanmi m' pral plen bòl Men manzè mwen gade, li souri Li sekwe tèt li, li souri Li di m' Pipo, mwen pral ba w you ti konsèy Viens donc mon beau, mwen vle di w li nan zòrèy Sa w tande a li di m' Pale pou tèt ou, jere tèt ou Paske se avè w pou m ta ye Nan bra w' pou m ta ye Pale pou tèt ou, jere tèt ou Se sou wifi w' la m' vle branche Se ou mwen sible Bagay la konplike Mwen santi m strese De pye m' pran nan you grenn soulye Kijan l'ap fè konnen ke se pou li m tap goumen M'oblije pa ka di l' anyen Gad jann m' pral pèdi you zanmi You bon zanmi M' pa fè anyen k' mal mezanmi Malgre mwen panse Mwen ezite M pa ka reziste Manzè avwe Ke se mwen li te sible M pat gen le choix Gen chans ou pa jwenn de fwa Ki sa li di? Pale pou tèt ou, jere tèt ou Paske se avè w pou m ta ye Nan bra w' pou m ta ye Pale pou tèt ou, jere tèt ou Se sou wifi w' la m' vle branche Se ou mwen sible Pale klè pale cho Pale vit pale klè pale cho Pale vit pale klè pale cho Pale klè pale cho M sèmante m pa gendwa janm fout pale pou moun ankò Si lang ou pa gen zo ole Si lang ou pa gen zo ola Si lang ou pa gen zo ole Si lang ou pa gen zo ola Pouki w pa vle pale pou tèt ou Se ka moun sa k' pral fè bonè w' Se you move sitiyasyon Ki ka fè w pèdi zanmi w, mete w na vye pozisyon Ou gen dwa pè desepsyon Ou pa renmen rejeksyon Pa pè tonbe nan la vi Pou sa w' renmen fò w' soufri Pouki se mwen k' pou pale W' pa enfim ni kokobe Epi kou sa mal pase Se sou do m' chay pral tonbe Si lang ou pa gen zo ole Si lang ou pa gen zo ola Si lang ou pa gen zo ole Si lang ou pa gen zo ola Pouki w pa vle pale pou tèt ou Se ka moun sa k' pral fè bonè w' File moun pou zanmi pa fè sans A la rigueur si w' vle Mwen ka fè w' fè konesans Ou gen dwa pè desepsyon Ou pa renmen rejeksyon Pa pè tonbe nan la vi Pou sa w' renmen fò w' soufri Pouki se mwen k' pou pale W' pa enfim ni kokobe Epi kou sa mal pase Se sou do m' chay pral tonbe