An 2012 konpa direk ponn yon bagay 9 Depi lè sa yo sispann pran ti kabrit pou ti bèf Fanatik yo ak disiplin toujou vin avan Jou kouri vre, n' gentan gen 10 an S'on priorite Nou gen you liy nou kenbe Fanatik yo marye Tout moun nèt klike Pwomotè yo deklare Klass s'on lajan sere l' ye Antiyè yo di se Klass la yo dako Paske yo pa piti deyo Chimen lavi defwa gen blakawout Men n' pa janmen kanpe nan wout Ranje chita n' leve chanpay an n fè l ak tout kè n Mizik sa nou fè l pou tout sa ki kanpe dèyè n' Vents et marees n'ap toujou kanpe, Nou se Ayisyen Peyi sa se li sèl nou genyen Nou debake ak you lanmou pafè Nou towing tout konpetitè Si n' pale pou tèt nou se tou nomal Nou pa janm bay move siyal Mèsi Bondye, mèsi lezanj Ki ba n' benediksyon ki fè n' wè jou sa A aaa Mèsi zanmi, mèsi fanmi ki te kenbe n sou sa A aaa Nan disiplin nou konpoze sou 10 Tande rezilta tonbe nou fè 10 sou 10 Nan jwe konpa nou konpoze sou 10 Nan byen kanpe nou konpoze sou 10 Fanatik yo di nou fè 10 sou 10 Menm jan avè n' yo knpoze sou 10 Malgre yo kopye n' yo pa pase non Nan disiplin nou konpoze sou 10 Tande rezilta tonbe nou fè 10 sou 10 Nan jwe konpa nou konpoze sou 10 Nan byen kanpe nou konpoze sou 10 Fanatik yo di nou fè 10 sou 10 Se pa fot nou si yo pa pase sou 10 Petits cretins al fout rekonpoze Ca c'est du bon kompa Si tu ne peux pas faire ca Vas te cacher Kè n pa sote paske n' konn sa n reprezante Imaj peyi fin blaze Se sèl mizik la nou rete Metye egri ak malveyan se denigre O Klass la mechan O kompa sa mechan Mande padon Plis yo pale tenten sou do n Se plis yo fè fanatik yo anraje