M vin fè yon moso listwa Reponn prezan pou listwa M pa vle bay defèt viktwa M tounen vin fè kout pikwa Si w pa p ranpe Siksè ti nèg nwè se nan sine M te f on kanpe Lè m konsyan koulè m menm ak Frank Sine Pase m te paktize ak bandi m te pito pati M still ap rap pou Ayiti menm lè enpak la ta piti M kreye posibilite pou m peye kredi bill m lite M genyen vizibilite fò m kenbe kredibilite M transfòme m an lyon depi lè m sispann kwè nan sòm 23 M sispann pyon m sispann krache sou rezon janvye 23 Se ou k kreye konviksyon w Siviv pa yon kesyon de chwa Batay pou w chanje kondisyon w Mete men mete vwa 22 zan nan rap m finalman dekouvri kiyès ki mwen M te nimero 1 rapè k pa t janm di w l se nimero 1 Jan m te pwomèt nan Rap salad nan djwèd mwen m manje plis ke 2 très Ke apèl an detrès, deyò mwen t al jere strès Se pa t pou pòs, ni pou kras Si rap mwen son w mouvman sosyal Ak fòs ak konsyans de klas M pat antre nan tout voksal Hiphop se zam, li banm yon Carrière de sable M al konstwi tèt mwen kay tonton Sam, rele m Jean Baptiste Du Sable Pa gen Ayisyen san batay donk rape pou sa chanje Koyeran se lèm ka gade w dwat nan je e m ka manje Lavi trennen m atè, mizik mwen ret tèt drèt Si siksè leve w anlè, pa kite l fè w trèt pèp Tankou yon zetwal K-Lib la pou nou, men K-Lib la pa pou nou Sansibilite m pou nou ki sanble m se sa k fè m moun tou K-lib pa yon mask pou m kache peche Pwodwi l fè anpil tèt fache Ak PHTK l te ka gache Men l lage nan mache chèche M fè diskisyon m pwan pozisyon piblikman donk m fè politik M fè pwopozisyon nan gwo emisyon nan mikro fizikman ou nan mizik M pa bezwen kandida pou m fè Kritik pa vle di bon lidè Lè militan m bezwen m a lapèl M reponn prezan tankou militè M te pwan kèk nèg pou gwo rapè jouktan w fè m fèmen bèk anm Fè transvèsal ak hip hop kòm OG m ka rele w Beckham Ou vann rap sou yon fòm Ou pa pran gan w pa pran lòd Men yo mete w sou kote pou w pa fè bri sou bill board Ou son K-lib k ap tire bon pawòl Nan men jenès wete dwòg, ak alkòl Sot nan Boutèy anlè malgre rekò l Ak albòm L'Apostat ou fè lekòl I said thanks God 2015 ki te mete w sou wout mwen Lè’m t ap presipite ou te montre m jere souf kout mwen Pou m asire larelèv 2017 ou sede m mic ou An bon elèv 2019 ou fè m pataje sèn ou ak Youss Kounya m ap drop sou albòm ou Haters yo pral jalou Pou jan fanatik t ap tann ou Yo tout dakò w s on w pwa lou Ou f on krèm rap e sak fè m pran w kòm idòl Pou m pa janm chanje koulè rap mwen, ni fizi m zepòl Si apre 22 an karyè pwoblèm nou still anpeche w dòmi Angajman w s on w egzanp pou nou swiv, olye de rèv foli