M kite peyi m ak gro chagren Pouse bourik mwen pou byen lwen Se pat sa m te swete Petèt se kout volan desten Isit frè mwen Lavi moun pa anyen Tèt libète a fann an de Antòtche nan pèlen Mpa konn si map tounen Goumen grenn plen nan klandesten Kite manmanm papam madanm ak timoun nan men Tonton makout yo bay kè plen Yasasinen moun Gran jounen Yo diw nan politik Se kominis ou kamoken Yo detwi pou Plezi Yo detwi San bezwen Fò dimanch prefekti Yo detwi pour un Rien Moun pè nan kamyonèt Ti bb sou bayonèt Esak pi tris ti mèt Chak 22 gonw mannigèt Grennen bal sou Radio Disparèt jounalis Maspinen lapawòl Peze kou lajistis Reagan menm alepòk Plen pòch milat ak Baby Doc Mas pèp la pran nan blòf Tout dwa de lòm se money talk Ayiti kite Ayiti Ayiti pati Politik pati politik pati Kochma sou makout yo tou m wè ase Men nou te pran pozisyon ret tòf tou pran kout bòt yo san jamè lase l Jis van lespwa soufle Avni peyan m trè elegan M t ap monte yon masuife Now mwen pral konnen Pè tande li nan eleksyon Rès yo istwa, entretan vi pa nou debite 15 zan detid plen fakilte men demand djòb yo refize Pou Krim zòn mwen vi n repite Pa jou menm 2 yo egzekite Vi kèk tèlman pèsekite Vi chè presyon tou fè prese kite l Prese kite l? Di m kijan mwen prale kite 4 dèyè? Mwen naje vre pou m soti Men mwen pa t rete kwè te gen yon lòt vag dèyè E frap yo vi n pi grav Pi mal kidnaping pran nesans Yon kapital vyolans Rat menm ap fè la chasse au compétence! Diplome chomeko, ratpakaka menm nan tout bwat Leta kès pran nan cho, nèg vès sou do yo, yo ki pi gro chat Jistis menm nan koma Depi lè ou konn ton Jean Dodo Mwen ak ti pa m yo mwen fè let-ma m Se chans nou pat peri sou dlo An vrè elas!! Wè elas!! Bèf la toufe si ou pa chimè Bò tab la ou p ap jwenn plas Kanmenm tout rèv yo pa t fi n nwaye But rivyè lavalas lage nou sou lanmè nan mitan yon fon kanntè Oura! Mwen menm mwen lage Sou tèt kale lè tole Petwokaribe Lè bandi legal debake, lè degaje pa t peche Lè se ou y ap rache si dèyè vòlè w rele bare Pou sot Chili monte Meksik nou te 30 se 7 ki rive An 2012 lè Lamòt, vin modèl Alamòd Lè Onèt vle di pwan pòz, Lè Diplòm tounen radòt M pwan rak bwa lè vann bèf pou moto te repons peyizan On plan bannann pou n sot anba tant, lè dola monte tèt blan Lè lang pi fò jounalis vin pi mal ke pla sandal Altènativ nwaye nan san l depi nan plasenta l Katye popilè pa gen dlo men zam yo pa san bal Drapo nan dèyè lajenès pase an bastengal Lè entèlektyèl modèn ak statiko nan kòkòday Lè lekòl tounen disko, jenerasyon rabòday Palè ak palman ret kraze men nèg ap bati kay Kou inivèsite Leta ak Dezòm tounen zagribay