Petro mobilizasyon yon lòt pèspektiv Ak tout sa k pa konprann sa k te kwè n te san objektif Ak tout sa nou gen kòm zam n ap ret aktif Pou yon petro edikasyon ann fon petrospektiv Se te yon kontra ak tout peyi nan zòn nan kap redi Venezuela vann petwòk a ba pri e kredi Gazolin diezel gaz blan pwopàn Nan machin ekonomik lan n pral leve yon gwo pàn Leta fè kòmand gaz poul revann ak Boujwa Nou menm nou vini ak galon achte li nan ponp BMPAD rasanble kòb pou peye Venezuela Si doum nan te koute 100 gd lap bay sèlman 30 Rès 70 goud sa a pral nan yon fon sou kote Se kòb sa a yo rele fon petro Caribe Pou n remèt a 1% apre 25 lane (Si w pat konnen kounyaa w konnen sa k petrocaribe) Kòb sa a te dwe konstui lopital envesti nan agrikilti bati lekòl ak wout Pandan sitiyasyon nou vin pi mal kòb sa a ak yon bann lòt ankò boule nan blakawout (nan yon tan tou kout) Preval ak 2 minis pral pran 4 rezolisyon Desizyon idantifye pwoblèm e jwenn solisyon 2008 premye kagezon vin sou minis Pyè Lwi 14 mwa fo rezon k fè 45 milyon bwè luil Pati k pi bèl la te dèyè ak minis Bèlriv 2009 koripsyon pral ekri nan bèl liv Kòb petrocaribe p ap rete nan kès nwa Antrel nan bidjè a pou l kapab sibi pwojè lwa 3 rezolisyon 350 milyon dekese 41 kontra 35 ladann siyen gre a gre 6 lòt yo te siyen nan yon ti chanm prese prese 3 konpayi ki gen menm mèt jwenn kontra pou egzekite Konpayi Dominiken k la depi 3 mwa (jwenn kontra) Pandan l ta dwe genyen 5 an selon lalwa Konpayi peyi madanm la depi 3 mwa Pandan l ta dwe genyen 5an pou l travay pou Leta Kòb petro Caribe a se te yon fon Pou devlopman pandansetan l ap fè fon 197 milyon fin fè fon nan yon rezolisyon Kounya 348 milyon fè fon nan 3 rezolisyon Janvye 2010 tout moun sonje tè a tranble Malgre tou Ayiti ta pral nan eleksyon danble Preval wè ti Jud pap pase, blan an deside Martelly L al dèyè kouvri dèyè l pou nèg yo pa vin mate li 300 mil vi ak kay lajan CIRH se sa n anrejistre kòm pèt Pitye pran kè Chavez anvan akò Bandes deside anile tout dèt Ou p ap ka kite tout kòb saa nan men yon pleziyis Pito w envesti l nan pwojè dixit Anacacis Preval pa koute Martelly monte kontra majore li chwazi Rouzier ki di sa a se vòl mesye Yon nouvo PM monte tonbe denonse mande revoke kontra ak appel d'offre tout dwe repanse Nèg yo di: Gad figi Gary Coni w ap vin pran pòz serye w laa nan mouvman sa a ou pa enkoni Tankou Christophe Colomb k debake San Salvador Antre an sèn mèt Laurent gagót Salvador Rezolisyon k pran son w Lo Ak minis Lalo chèk glise kou lalo Kote w konn tande nèg ki clean konn Ap bay Leta bil imite blan Clinton Surfacturation commission ceinturon corruption prostitution petroréalisation Ou pral kreye on Konpayi k rele BRASEKÒM Rapid vit m pral fè w jwenn kontra pou 30 milyon Men antre nou ou konnen l ap koute 15 milyon Rès kòb la ou mèt al depoze l sou non Jerome 40 milyon pwojè k rete a loral Sa k ateri chak ane se 2 kanaval Lamothe fin trip kounyaa n pral chanje Pòl Evans pa t konn kotel ta pral mete kò l Pandan grangou pèp la rive nan yon stad moun pa t ap kwè Yo boule plizyè milyon nan 25 stad moun pa ka wè Anba je n ni yo ni pitit yo vin rich Manman cheri papa doudou bay piti pa chich Kòb petro Caribe se te yon fon Ki te la pou devlopman men li fè fon 878 milyon ki fè fon Yo boule li nan 9 rezolisyon Ils ont remporté le prix vert lavalas te next 2 zan siklòn rezolisyon Privert Enex Gaz petro Caribe antre tout 2017 40 jiska 70 goud pou yon dola US Sa a pat pringtemps arabe men l'été Haitien Nou met rezo sosyo yo cho ak yon petrochallenge Poun mande politisyen èske yo se majisyen Pou yo fè disparèt 3 milya san kite change