Se pa politik Fas ak yon krim finansye, koripsyon, ou pa t atann mouvman an t ap petroactif Ti lolit M pa t ap mande petrocaribe si w te kanpe lè Koperativ Lajenès pran petro pozisyon Moblizasyon petro obligasyon Pa di m se ranse w t ap ranse Se pa toutan w ap ka fè n danse Nou p ap chache kont Sèlman n ap mande kont, Koudèkont pou l al verifye eta tout kont Mal pou wont Propagann pa kont, al di patwon w li anreta kounya pèp la gen mont Nou se 10 milyon k sp viv ak 2 dola Yo se kèk santèn ki kenbe 3 milya Son w bann ak yon pakèt ti vòlò sal K ap kase ponyèt ti malerèz kwabosal Nou bouke Wè fanm entèlijan k pou pase dwe konte devan vagabon pa kilomèt Nou fout bouke Wè jenn gason k ap soufri e lè l pale yo rele l ti egri si l onèt Kòb la nan bouda w mizè a nan bouda m Aprè w vin ak bèl machin vin file fanm pa m Se sou non nou tout manje a prepare Yo pa menm kite n pran sant lè l ap separe Yo bann 10 vèsyon Sa k di se pa yo lestomak glise kou lalo k ap kriye k ap pran pòz rizyèz San fè divèsyon Si yo te envesti nan sante ak lekòl raketè pa t ap fè n bwè pinèz Kretyen fò n mande si legliz pa konplis Sonje! Jezi te wonfle tout vòlè k te fè tanp lan tounen biznis Delivrans n ap mande bondye toutan nan jèn nan li te ban nou l deja Li te voye 3. 8 milya dola men l tonbe anba grif djab la Li pa ka konsa Pou apre on sèl manda on prezidan ayisyen gen kòb pase Georges Bush On peyi pòv konsa Pou gen 100 minis k ap deside pou sèlman 1000 pòch ak 10 milyon bouch Ap kòb ki te dwe devlope n yo fè 2 bouche Jenès anvlope tout kote ap chache debouche Doktè n ak enfimyè n yo pa ka touche Madanm pa yo lòt bò dlo y al akouche Nou pa ka dakò Pou se nou ki viktim epi se nou ki pou bese tèt nou lè nou wè w Sa a se twòp atò Depi pèp vle leve tèt pou w ap pran pòz monter au créneau pou w fè moun pè w Klas mwayèn nou te fè twòp tan bra kwaze Enterè n ak klas popilè te toujou kwaze Tèt nou gen cheve e je nou byen kale Lavalas p ap pote n ale koz nou byen plante Pandan n sou menm bato Pou chak matlo ak goyin ak mato tout vle pran on moso planch Ayiti pa gato Chak grenn politisyen pa ka gon w kouto pou separe li pa tranch Palmantè k sèvi ak vòt pou yo fè kòb Tan pou yo sèvi enterè pèp ki te ba yo vòt Si n kite pèp leve p ap gen fòs de lòd Nou pa nan kòb oubyen kòd se kòb epi kòd Nou pa nan nepotis (nepotisme) Pou depi yo vote w ou nome w nan leta tout zanmi w ak fanmi w tou rich Bann egoyis Ou rele l bon prezidan se pa pou Ayiti, men paske pou ou l pa t chich M felisite lwayote kèk atis ki sou lèy Martelly se pou kèk atis sa Aristid te ye pou site solèy Si n te bay pèp mwayen pou l fonksyone konsome Zèv atizay nou pou atis nou yo t ap sispann mande