Souri sou figi nou s on senp detay Si lanmou pa sifi, m pa wè sa m te dwe bay M viv avè w pandan n ap soufri anndan an M renmen w vrèman, men m wè vi m anvan an Lè m fenk rankontre w pwomès yo te si bèl (Malgre m pa t fidèl) Batman kè m ak vwa w te zewo desibèl (M Chante k on w toutrèl) Tèt mwen di m non, kè m di m wi, lavi avè w s on kansè (Lanmou sa a ka touye m) Rezon, pasyon, emosyon nan zantray mwen ap jwe konsè Je m tonbe nan je w Depi lè n fenk kòmanse, m konnen l t ap di pou m kite w Lè n fenk demare, lavi te konseye m evite w Ofinal se ou ki rete ak entegrite w (Malgre danje) Volonte k te fè n plonje Gen lanmou k mande konje N oblije vin etranje, menm lè santiman yo p ap chanje Nou kite n tounen, nou tounen n kite koz m alèji ak dikte (Baby boo!) Pou tèlman w kite m konnen w konnen m pa ka kite w m adikte F on jounen nan fant janm ou, epi aswè m ap mouri grangou Nou vin rive nan yon kafou lanmou fè m fou rezon m kagou Ou te solèy lè lide m te tou nwa Konnen w se pa m, san kouwòn mwen s on wa Dousè w pote nan lavi m kite m san vwa Malgre rèv ak pwojè w ret nan tiwa M dekontwole depi m tande w sonnen M pran swen kè w, kò w kòm si se te mwen Ou se pi bèl kreyasyon lemond konnen Ekilib mwen se ou tan an sèvi m temwen Avè w s on efè konfeti M ap goumen ak tèt mwen m nan yon konfizyon M ap mande si avè w, m g on fiti Si pou pwojè m, ou gen pwovizyon Ou konnen nan ki peyi m soti Deplasman m fèt pou gwo vizyon Menm si w kou on po konfiti Finalman m dwe pran desizyon (M Mande sa m ap fè la!) N ap viv yon lanmou nan lagè (M Mande sa m ap fè la!) M konnen m pa sèl kòk nan gagè w M fè yon chwa k satisfè ego m, men ki kraze kè m Soufrans nan egal ego, menm si m konnen m fè w pè m Se ou k amoni mwen ak linivè San melodi w, vi m alanvè S on Lanmou nan lapenn Men san li, mwen pa lwen Pou m voye wòch nan lanmè M santi dousè lanmou w nan tout sa m manyen Madanm oubyen fanm deyò tit pa di m anyen