Ti papouch grandi nan yon fanmi rigwaz ak diri Se sa k te lanmou li te pati al chache lakay zanmi Yon zòn jèn ki pa pati mouri oubyen tounen bandi Lavi di, santi di, manti tou piti l te gentan santi l Dèt sou tèt anvan l fèt Ti papouch t on timoun pwomèt Papa l fè l konnen sèl chimen lekòl k ap fèl gen yon non Renmen bondye, travay di, ret yon malere onèt Pandan y ap fè l louwe bèl dekouvèt Kristòf Kolon Li klè nan tèt li sa k te ka sove l se papye l Li mèg li lèd li te sijè fawouch sou katye l Li pa t fouti dòmi tèlman l gen gwo Rèv Travay sou diplòm li, pase tout eprèv Malgre tout eksplwa l, blokaj pou koulè po l Anba je l nèg k ap fè papye se nan pase kilo Malgre l ret ak Lespwa, chay ap monte sou do l Moun li ka mande prete pa menm rive filo Lespwa k ap Mouri sou pye Nou dwe tchovi yo verite Limanite san mounite Manti sou yon bout papye (2 fwa) Pandan l pat janm sispann kriye sou Papye Apre kèk ane, Papye, tan tout pase anba pye Sot gran lekòl de pensée pou l dwe tout machann manje L oblije repanse plan an oblije chanje Li ret yon sèl zèl kat se blije fè zèl Bouske siksè li pra l pran on gwo chòk Vizyèl Yon kote fò w gen papye pou w ranmase fatra Yo ka rele w san papye menm ak yon doktora Papye pou valide lanmou rele maryaj Papye an echanj de lanmou rele paryaj Premye fwa l pa pè reve l jwenn souverènte l La a menm si l ta kreve omwen l sove fyète l Ti papouch T on senbòl, tray yo te reyèl Lekòl lakay se blan ki doub ou leve Kay blan l vin chèche papye pou l siye dèyè l Li le Capital de Marx nan yon BMW Nou tout se deplase nou ye Se solèy nou tout ap Bouske Si lakay pèdi lawouze li Anvi viv ap leve pye li Pa gen baryè pa gen lwa Ki kapab bare lespwa Lite pou n avanse Mache poun pa tonbe Se pa t Lanmè k te janm kale bato Nou koupe latè k on gato Sa k ale sa k ret nou nan menm bato