10 zan Clan, 10 zan gang, 10 zan bang 10 zan Let me do my thing 10 zan grenn, 10 zan jwenn 10 peng 10 zan let me do my thing Kidnaping, Kokayin Gwo bandi legal yo bon sou nou Gwo machin Gwo Bilding An ti zanmi yo bon sou nou Kidnaping, Kokayin Ti bandi legal yo bon sou nou Gwo machin Gwo Bilding An ti zanmi yo bon sou nou Èske w te konnen? Met pafen sou fatra boule kòb blanchi vòlò Kadav kou pil fatra, kriz la bay kòb, siklòn vo lò Depi w PHTK tande Petwokaribe l pouse kòn (Lamòt bloke m san m pat swiv li wi man) J'ai les photos sur mon téléphone Ti Nikola k ap fè pa chat Kèk nèg nwè k tounen timilat Agoch adwat n ap pran back shot Boujwa pwogresis tounen Pilat (Son w pil pirat) Ak moral ou te finanse yon chanjman pou 30 fevriye (Kou l atè plat) Koral la pa bezwen w twazyèm vwa Se tout refren an k dwe griye Politisyen se vòlè nenpòt ki fèl poutan yo pa soti nan syèl Yon palmantè ki pa rich aprè manda l pèp la rele l kokorat a zèl Y ap pase bèl, dola senkant sou transfè san nouvèl biznis chanpwèl Volè lestomak san pwèl pa kouran Jovnèl pa bezwen balèn Dimitri pou w wè l 10 zan Clan, 10 zan gang, 10 zan bang 10 zan Let me do my thing 10 zan grenn, 10 zan jwenn 10 peng 10 zan let me do my thing Kidnaping, Kokayin Gwo bandi legal yo bon sou nou Gwo machin Gwo Bilding An ti zanmi yo bon sou nou Kidnaping, Kokayin Ti bandi legal yo bon sou nou Gwo machin Gwo Bilding An ti zanmi yo bon sou nou Èske w te konnen? Mwen k pa t kwè yon lè vòlè t ap tounen valè Anvanyen se met ansanm pou n sove Ayiti, Alòs ke talan pa w se vòlè 10 zan kal, kanaval rablabla san lopital karavàn oligak Barikad lapoula pappadap ba nou bal Gaz nou paka achte, pouvwa a plen dilè dwòg Lajan sal ap lave, men machann chabon pa ka pwòp Lamòt fè n wè Lavalas tounen ti raketè analòg Modèl vòl w ap jwenn menm jan ak Ayiti k diferan nan katalòg Ekspòte tèt enpòte zam Kraze lekòl kraze kilti Plis y ap vin rich plis moun vin pòv Plis moun mouri plis moun pati Label petwo kriminel a 2 tèt Bandi ak bal ap kraze tèt BigO ap sponsorize vedèt Aprè pou n al Taraz al fè fèt 25 stad make pou grad Car wash zewo Lopital Okigak foli God foli grad Kraze enstisyon leta Sa a se bilan PHTK