Fin fè kòb isit, m ta f on desann anba M ta f on al trip, men m pa kapab Viv bò isit aba laba S on kriz politik nou tout ki koupab Manifestasyon kraze brize, boule kawoutchou, piye biznis, touye moun Opozisyon militan, etidyan tout ap pran kòb nan men gwo zouzoun Ayisyen pa bon, ayisyen mechan, s on peyi ki posede anba men demon Vilaj de dye Matisan se gang ki anndan yo, so fout lage yon bonm Yo touye prezidan n, epi nou kontan, nou pa manke lèd devan je lemond Bondye k fè m te kite vye peyi sa a, sèl sou papye transfè pou Ayiti wè non m W ap gad de lwen, panse w konprann Se pa je w ki pran nan piman Diaspora pleziyis renmen Ayiti, se nan evènman Si sa te vrèman konsène w, se pa nan peyi moun ou ta ye Avwe ke l pa twò deranje w, depi èpòt ouvri w kouri vin taye Pandan n ap vibe, pandan n ap trip Sa pa gade l depi l pa viktim Pandan n ap vibe, pandan n ap trip Silans sa ki ka pale se krim Pandan n ap vibe, pandan n ap trip Diaspora, klas mwayèn se viktim Pandan n ap vibe, pandan n ap trip Pa panse paske w ap viv nan yon vitrin Se nou tout yo trete de latrin Menm si w kwè w ap viv nan vitrin Ala ti pèp sovaj mesye, li plis kwè nan detui An! kraze vit biznis mwen Boule ti machin mwen, se sa k militan an Pandan m pa t menm nan politik M pa pou, m pa kont m pa menm nan mitan an Bon! Lè yon moun fè efò pèsonèl pou l rive, pouki nou egri Nou fout anpeche yon peyi mache Mache fè pil pitit nan tout rakwen Dat n ap manifeste, voye ale Nou ret nan menm pwen an, kilè n ap met pwen Chita la ret tann leta, pandan n te ka nan antreprenarya Se vre peyi a an reta Men pwogrè pa p vini nan pran lari a Klas mwayèn reve je klè 2 bal pou dekouvri vizaj Makiyaj sou lavi demeplè Pèsepsyon reyalite 2 vizaj Si nan geto ekzistans youn tounen atanta pou lavi lòt Pasivite w nan mouvman rezistans, fò w tounen potanta pou zòt